BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/11 p. 4
  • Manti yo bay: Bondye pa gen non.

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Manti yo bay: Bondye pa gen non.
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Non Bondye
    Reveye n! — 2017
  • Ki non Bondye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Èske w konn non Bondye epi w itilize l?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Ann onore gran non Jewova a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/11 p. 4

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | MANTI YO BAY KI FÈ KÈK MOUN PA RENMEN BONDYE

Manti yo bay: Bondye pa gen non

SA ANPIL MOUN KWÈ:

“Nou pa jwenn okenn antant pou nou konnen si nou ka menm pale de non Bondye ‘a’, e si n ta dwe pale de li, ki non li ta ka ye.” — Pwofesè David Cunningham, Theological Studies.

VERITE KI NAN BIB LA:

Bondye di: “Mwen se Jewova. Sa se non mwen.” ​(Izayi 42:8, NW). “Jewova” se yon non ebre ki vle di “Li fè vin tounen”.

Jewova vle nou sèvi ak non l. Bib la di: “Envoke non l. Mache fè pèp yo konnen jan li aji. Fè yo konnen non li leve byen wo.” — Izayi 12:4, NW.

Jezi te konn itilize non Bondye. Men sa li te di Jewova nan yon priyè: “Mwen fè yo [disip li yo] konnen non w e m ap fè konnen l.” Poukisa Jezi te fè disip li yo konnen non Bondye? Men sa l te di apre sa: “Dekwa pou lanmou w gen pou mwen an ka nan yo e mwen menm pou m ann inyon avèk yo.” — Jan 17:26.

POUKISA SA ENPÒTAN:

Gen yon teyolojyen ki rele Walter Lowrie ki ekri: “Yon moun ki pa konn non Bondye, pa vrèman konnen Bondye kòm yon pèsòn reyèl. E moun sa a pa ka renmen Bondye si l konnen Bondye kòm yon fòs sèlman.”

Gen yon mesye ki rele Victor ki te konn al legliz chak wikenn, men li pa t santi li konnen Bondye vre. Men sa l di: “Mwen te vin aprann non Bondye se Jewova, se kòmsi m te fè konesans ak Bondye ofisyèlman. M te santi se tankou m te resi rankontre ak moun mwen te tande y ap di anpil bagay de li a. M te vin wè l kòm yon Pèsòn reyèl e m te vin fè zanmi avè l.”

Lè yo kache non Bondye oubyen yo ranplase l, se tankou yo koupe non Bondye nan Bib la.

Jewova, bò kote pa l, pwoche bò kote moun ki sèvi ak non l. Men pwomès li fè “moun k ap panse ak non l” yo: “M ap gen pitye pou yo, menm jan yon papa gen pitye pou pitit gason l k ap sèvi l.” ​(Malaki 3:16, 17, NW). Anplis de sa, Bondye rekonpanse moun ki envoke non l. Bib la di: “Tout moun ki envoke non Jewova ap sove.”— Women 10:13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje