BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/8 p. 4
  • Bondye ap voye je sou ou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bondye ap voye je sou ou
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Koute yo, aprann konnen yo e montre konpasyon pou yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Kite Bondye gide w nan tout bagay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Konsolasyon pou moun ki dekouraje
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Yon istwa ki “gen yon sans senbolik” ki enpòtan pou nou
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/8 p. 4

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE BONDYE ENTERESE NAN OU?

Bondye ap voye je sou ou

“L’ap veye tout vire tounen lèzòm. L’ap gade tout kote y’ap mete pye yo.” — JÒB 34:21.

Yon papa k ap jwe ak tipitit gason l

Plis yon timoun piti se plis li bezwen paran l ba l atansyon.

REZON KI FÈ KÈK MOUN GEN DOUT: Dapre yon etid yo fè pa gen twò lontan, galaksi nou an sèlman ka gen pou pi piti 100 milya planèt. Lè n ap reflechi ak kokenn linivè, anpil moun konn ap mande tèt yo: ‘Poukisa yon Kreyatè ki Toupisan ta voye je sou sa lèzòm ki toupiti ap fè sou yon ti planèt?’

SA PAWÒL BONDYE A ANSEYE: Bondye pa t annik ban nou Bib la epi li sispann enterese nan nou. Olye de sa, Jewova ban nou asirans sa a: “M’a ba ou bon konsèy. M’ap voye je sou ou.” — Sòm 32:8.

Ann konsidere egzanp Aga, yon Ejipsyèn ki t ap viv nan 20yèm syèk anvan epòk nou an. Aga t ap travay ak Sarayi, men Aga pa t gen respè pou li, poutèt sa Sarayi te imilye Aga epi Aga te kouri al nan dezè a. Piske Aga te fè yon erè, èske Bondye te sispann enterese nan li? Men sa Bib la fè konnen: “Zanj [Jewova] a kontre Aga.” Zanj lan te rekonfòte Aga, men sa l te di l: “[Jewova] tande rèl ou nan tray w’ap pase a.” Apre sa, men sa Aga te di Jewova: “Ou se Bondye ki wè m lan.” — Jenèz 16:4-13.

‘Bondye ki wè moun nan’ ap voye je sou ou tou. Ann pran yon egzanp: Yon manman ki gen lanmou ap voye je sitou sou timoun piti li genyen, etandone plis yon timoun piti se plis li bezwen paran l ba l atansyon. Menm jan an tou, Bondye voye je sou nou sitou lè nou gen imilite e nou san defans. Men sa Jewova di: “Mwen rete nan andwa ki wo e ki sen an, epitou mwen rete avèk moun ki kraze a e ki enb nan lespri l la, pou m fè lespri moun ki enb yo reviv, e pou m fè kè moun ki kraze yo reviv.” — Izayi 57:15, NW.

Sepandan, ou gendwa ap mande tèt ou: ‘Ki fason Bondye voye je sou mwen? Èske li jije m selon aparans mwen, oswa èske li gade pi lwen toujou e li vrèman konprann kiyès mwen ye?’

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje