BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/10 p. 4-7
  • Wayòm Bondye a — Enpòtans li gen pou Jezi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Wayòm Bondye a — Enpòtans li gen pou Jezi
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA WAYÒM NAN PRAL FÈ POU PAPA JEZI
  • SA WAYÒM NAN PRAL FÈ POU MOUN KI FIDÈL YO
  • Sa Jezi te anseye sou Wayòm Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Laverite sou Wayòm Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Konsènan Wayòm Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Èske Wayòm Bondye a se nan kè moun li ye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/10 p. 4-7
Jezi ap anseye disip li yo sou Wayòm Bondye a

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | POUKISA NOU DWE ENTERESE NAN WAYÒM BONDYE A?

Wayòm Bondye a — Enpòtans li gen pou Jezi

Pandan ministè Jezi sou tè a, Jezi te pale sou anpil sijè. Pa egzanp, li te aprann disip li yo fason pou yo priye, fason pou yo fè Bondye plezi ak fason pou yo jwenn kè kontan toutbon an (Matye 6:5-13; Mak 12:17; Lik 11:28). Men, sijè Jezi te pi renmen pale sou li se te Wayòm Bondye a. — Lik 6:45.

Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, bagay ki te pi enpòtan nan lavi Jezi se te ‘preche epi anonse bon nouvèl wayòm Bondye a’. (Lik 8:1.) Li te bay tout li menm nan travay sa a. Li te mache plizyè santèn kilomèt nan peyi Izrayèl pou l te ka anseye moun yo sou Wayòm Bondye a. Yo ekri istwa ministè Jezi nan kat Evanjil yo, e plis pase 100 fwa yo fè referans ak Wayòm nan. Yo jwenn pifò nan referans sa yo nan pawòl Jezi te di, epoutan, referans sa yo reprezante jis yon ti pati nan tout sa Jezi te di konsènan Wayòm Bondye a! — Jan 21:25.

Poukisa Wayòm nan te gen tout enpòtans sa a pou Jezi lè l te sou tè a? Youn nan rezon yo se paske Jezi te konnen Bondye te chwazi l pou l dirije Wayòm sa a (Izayi 9:6; Lik 22:28-30). Sepandan, Jezi pa t ap chèche jwenn pouvwa ak glwa pou tèt li (Matye 11:29; Mak 10:17, 18). Se pa enterè l ditou li t ap defann ki fè l te ankouraje moun soutni Wayòm nan. Rezon prensipal ki fè Jezi te enterese e li toujou enterese nan Wayòm Bondye aa se pou bagay Wayòm sa a pral fè pou moun Jezi renmen yo, anpalan de Papa l ki nan syèl la ak disip li yo ki fidèl.

SA WAYÒM NAN PRAL FÈ POU PAPA JEZI

Jezi renmen Papa l ki nan syèl la anpil (Pwovèb 8:30; Jan 14:31). Li renmen kalite ki atiran Papa l genyen yo tankou lanmou, konpasyon ak jistis (Detewonòm 32:4; Izayi 49:15; 1 Jan 4:8). Kidonk, se sèten Jezi dwe rayi tande manti yo fè sou Papa l tankou manti yo bay ki fè kwè Bondye endiferan devan soufrans lèzòm epi Bondye vle pou n soufri. Se youn nan rezon ki fè Jezi te chofe pou l preche moun “bon nouvèl wayòm nan”. Li te konnen rive yon lè Wayòm nan t ap pwòpte repitasyon Papa l genyen (Matye 4:23; 6:9, 10). Ki fason li pral fè sa?

Grasa Wayòm nan, Jewova pral fè gwo chanjman k ap pwofitab pou tout limanite. “L ap siye tout dlo” nan je moun ki fidèl yo. Jewova pral elimine tout bagay ki lakòz moun kriye, l ap asire l “pap gen lanmò ankò, e moun pap gen chagren ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”. (Revelasyon 21:3, 4.) Bondye ap sèvi ak Wayòm nan pou l retire tout sa ki fè lèzòm ap soufrib.

Nou pa bezwen mande jan Jezi te chofe pou l pale ak lòt moun sou Wayòm nan! Li te konnen sa t ap montre jis nan ki pwen Papa l pisan e li gen konpasyon (Jak 5:11). Mete sou sa, Jezi te konnen Wayòm nan t ap pwofitab pou lòt moun li renmen yo, sètadi moun ki fidèl yo.

SA WAYÒM NAN PRAL FÈ POU MOUN KI FIDÈL YO

Byen lontan anvan Jezi te vin sou tè a, li t ap viv nan syèl la ansanm ak Papa l. Papa a te sèvi ak Pitit la pou l fè tout bagay vin egziste, kòmanse sou syèl la ki fè moun emèveye ak tout pil zetwal yo ak galaksi yo pou rive sou bèl planèt nou an ak lavi bèt ak plant ki gen sou li (Kolosyen 1:15, 16). Tout bagay sa yo fè Jezi vin gen yon “atachman” espesyal pou lèzòm. — Pwovèb 8:31, NW.

Lanmou Jezi gen pou lèzòm se youn nan kalite ki te pi remakab pandan ministè Jezi. Depi nan kòmansman, li te fè konnen aklè li te vini sou tè a pou l ‘anonse moun ki nan bezwen yo bon nouvèl la’. (Lik 4:18.) Sepandan, Jezi te fè plis pase annik di l ap ede moun yo. Se pa ni youn ni de fwa li te montre jan li renmen lèzòm. Pa egzanp, lè yon gwo foul moun te reyini pou yo tande Jezi k ap pale, Jezi “pran pitye pou yo, e li geri moun ki malad yo”. (Matye 14:14.) Lè yon mesye ki te gen yon maladi grav te fè Jezi konnen li gen lafwa Jezi ka geri l si Jezi te vrèman vle fè sa, lanmou te pouse Jezi aji. Li te geri mesye a, li te di l avèk konpasyon: “Wi, mwen vle. Ou geri.” ​(Lik 5:12, 13). Lè Jezi te wè Mari te nan lapenn akoz Laza, frè Mari a, te mouri, Jezi te “plenn nan kè l”, li te “vin boulvèse” epi ‘dlo te koule nan je l’. (Jan 11:32-36.) Apre sa, Jezi te fè yon bagay moun pa t ap janm imajine, li te resisite Laza ki te mouri depi kat jou! — Jan 11:38-44.

Natirèlman, Jezi te konnen soulajman li t ap pote pou moun yo nan epòk sa a se yon soulajman ki t ap la pou yon ti tan sèlman. Li te konnen towouta tout moun li te geri yo t ap malad ankò e tout moun li te resisite yo t ap mouri ankò. Sepandan, Jezi te konnen tou Wayòm Bondye a t ap pote yon solisyon definitif pou tout pwoblèm sa yo. Se pou rezon sa a Jezi pa t fè mirak sèlman, men tou, li te chofe pou l fè moun yo konnen “bon nouvèl wayòm nan”. (Matye 9:35.) Mirak li te fè nan yon sèl zòn sou tè a montre sa Wayòm Bondye a pral fè talè konsa sou tout tè a. Ann egzamine pwomès Bib la fè konsènan epòk sa a.

  • Yon mesye ki te sou chèz woulant k ap mache ankò

    Pap gen pwoblèm sante ankò.

    “Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun [soud] yo pral debouche. Moun enfim nan pye yo pral sote ponpe tankou kabrit. Lang bèbè yo pral lage.” Mete sou sa, “pèsonn nan peyi a p’ap plenyen di li malad ankò”. — Ezayi 33:24; 35:5, 6.

  • Yon tifi ki te mouri ki tounen viv ankò

    Pap gen lanmò ankò.

    “Moun ki jis yo pral posede tè a, e y ap rete sou li pou toutan.” — Sòm 37:29, NW.

    “Li pral anglouti lanmò pou toutan. Wi, Jewova Souvren Seyè a pral siye dlo nan tout figi.” — Izayi 25:8, NW.

  • Moun ki mouri yo pral tounen viv ankò.

    “Tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa l, y ap soti.” — Jan 5:28, 29.

    “Pral gen yon rezirèksyon.” — Travay 24:15.

  • Moun k ap konstwi kay

    Pap gen ni moun ki pa gen kay ni moun ki pa gen travay ankò.

    “Moun va bati kay pou yo rete. Y’a plante jaden rezen pou yo manje rezen. Yo p’ap bati kay ankò pou se lòt moun ki pou rete ladan yo. Yo p’ap plante jaden ankò pou se lòt moun ki pou manje l. [...] Pèp mwen chwazi a va jwi travay yo fè ak men yo kont kò yo.” — Ezayi 65:21, 22.

  • Moun ki soti nan divès peyi ki gen vrè lapè a

    Pap gen lagè ankò.

    “Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè.” — Sòm 46:9.

    “Nasyon yo p’ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p’ap janm aprann fè lagè ankò.” — Ezayi 2:4.

  • Moun ki gen anpil manje

    Pap gen grangou ankò.

    “Latè bay rekòt. Bondye ki Bondye nou an te voye benediksyon li sou nou.” — Sòm 67:6.

    “Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo.” — Sòm 72:16.

  • Pap gen mizè ankò.

    “Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè.” — Sòm 9:18.

    “L’a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L’a delivre tout malere ki san sekou. L’a gen pitye pou pòv malere yo. L’a sove lavi tout moun ki nan bezwen.” — Sòm 72:12, 13.

Lè w egzamine tout pwomès sa yo konsènan Wayòm Bondye a, èske w wè poukisa Wayòm nan gen tout enpòtans sa a pou Jezi? Lè Jezi te sou tè a, li te chofe pou l pale de Wayòm Bondye a ak tout moun ki te vle tande l paske l te konnen Wayòm nan t ap met fen nan tout pwoblèm k ap akable nou jodi a.

Èske pwomès Bib la fè konsènan Wayòm nan enterese w? Si l enterese w, ki jan w ka aprann plis sou Wayòm sa a? Epi ki sa w ka fè pou w sèten w ap jwenn benediksyon l ap bay yo? Dènye atik nan seri sa a pral reponn kesyon sa yo.

a Atik sa a itilize tan prezan pou l fè referans ak santiman Jezi genyen yo paske Jezi ap viv nan syèl la, e depi lè l retounen nan syèl la, pa gen dout, Wayòm nan toujou rete bagay ki gen plis enpòtans pou li. — Lik 24:51.

b Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rezon ki fè Bondye pèmèt lèzòm soufri pandan yon tan, gade chapit 11 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje