BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/10 p. 8-9
  • Wayòm Bondye a — Ki jan li ka pwofitab pou ou?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Wayòm Bondye a — Ki jan li ka pwofitab pou ou?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Wayòm Bondye a — Enpòtans li gen pou Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Se kounye a pou w chwazi soutni Wayòm Bondye a!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Sa Jezi te anseye sou Wayòm Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/10 p. 8-9
Yon koup marye k ap aprann sou Wayòm Bondye a nan yon etid biblik

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | POUKISA NOU DWE ENTERESE NAN WAYÒM BONDYE A?

Wayòm Bondye a — Ki jan li ka pwofitab pou ou?

Petèt, nan atik ki vin anvan yo, ou te aprann Wayòm Bondye a gen anpil enpòtans pou Temwen Jewova yo. Atik sa yo te pale konsènan kèk benediksyon Wayòm Bondye a pral pote alavni e ou ka santi kèk ladan yo enterese w. Anmenmtan, ou ka ap mande tèt ou si pwomès sa yo pa twò bèl pou yo ta vre.

L ap bon pou w pran prekosyon olye pou w kwè tout sa w tande (Pwovèb 14:15). Nan yon sans, nou ka konpare prekosyon w pran an ak prekosyon Bereyena yo te pran. Lè yo te tande bon nouvèl Wayòm nan pou premye fwa, yo te aksepte sa yo te tande yo, men se pa paske yo te annik vle pran sa yo te tande yo pou laverite. Olye de sa, yo te byen egzamine Ekriti yo “pou yo wè si se konsa bagay yo ye vre”. (Travay 17:11.) Sa vle di, Bereyen yo te konpare bon nouvèl yo te tande a ak sa Ekriti yo di. Rive yon lè, yo te vin gen konviksyon bon nouvèl la te vrèman baze sou Pawòl Bondye a.

Temwen Jewova yo kontan envite w fè menm bagay la tou. Grasa pwogram nou fè pou n etidye Labib gratis ak moun yo, nou ofri w posiblite pou w konpare kwayans Temwen Jewova yo genyen sou Wayòm Bondye a ak sa Bib la anseye.

Nonsèlman etid Labib w ap fè a ap ede w konnen Wayòm Bondye a, men tou, l ap ede w jwenn repons pou kèk nan pi gwo kesyon moun konn ap poze nan lavi a.

  • Ki kote nou soti?

  • Ki bi lavi a?

  • Poukisa Bondye pèmèt soufrans?

  • Ki sa k rive lè yon moun mouri?

  • Èske y ap detwi tè a?

  • Ki sa ki esansyèl pou lavi yon fanmi agreyab?

Mete sou sa, lè w etidye Labib sa ap ede w “pwoche bò kote Bondye”. (Jak 4:8.) Yon lòt bò, plis ou pwoche bò kote Bondye se plis w ap wè jan Wayòm Bondye a ka pwofitab pou ou, se pa pou kounye a sèlman, men se pou toutan. Men sa Jezi te di Papa l nan yon priyè: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” — Jan 17:3.

Temwen Jewova yo ka itilize piblikasyon sa a pou yo etidye Labib avè w.

Pou w ka mande yon etid biblik gratis, pale ak nenpòt Temwen Jewova oswa ranpli yon fòmilè sou www.jw.org/ht. (Sou paj akèy la, gade: MANDE YON ETID BIBLIK.)

a Bere se yon vil ki te nan tèritwa ansyen Masedwàn.

Enpòtans Wayòm Bondye a gen pou yon tifi

Folake

Sa pa gen lontan, yo te mande Folake, yon tifi ki gen 10 an, pou l fè yon redaksyon pou lekòl li. Men sijè yo te mande l pou l pale sou li a: “Sa m pi renmen nan monn nan.” Folake te chwazi ekri sou rezon ki fè li renmen pale ak lòt moun sou Wayòm Bondye a.

Men sa Folake te esplike: “Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki reyèl, men, li envizib. Se sa k fè ou pap ka wè l menmsi w ta pot linèt!”

Apre sa, Folake te pale sou benediksyon Wayòm nan pral pote li plis ap tann. Men sa l te ekri konsènan kèk pwoblèm Wayòm nan pral rezoud: “M tris lè m wè moun k ap viv nan lari ak timoun k ap mouri grangou toupatou nan monn nan.” Li te ajoute: “Mwen vin kontan lè m li Ezayi 65:21.” Konsènan moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm Bondye a, men pwomès nou jwenn nan vèsè sa a: “Moun va bati kay pou yo rete. Y’a plante jaden rezen pou yo manje rezen.”

Folake te di tou l ap tann moman kote Bondye pral elimine tout maladi grasa Wayòm nan. Nan redaksyon an, li te site Revelasyon 21:4 ki fè konnen Bondye “ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap gen chagren ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”. Nan konklizyon an, yon lòt fwa ankò, li te di sa l pi renmen nan monn nan se pale de Jewova ak Wayòm nan. Sa klè, Wayòm Bondye a gen yon plas espesyal nan kè tifi sa a!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje