BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp16 no 5 p. 16
  • Ki sa Bib la di?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
  • Ki lè Wayòm Bondye a ap vini?
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Èske gen yon gouvènman ki stab ki ka dirije tè a? — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
  • Laverite sou Wayòm Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
wp16 no 5 p. 16
Yon limyè ki soti nan yon twòn ki nan syèl la klere sou tè a

Ki sa Bib la di?

Ki sa Wayòm Bondye a ye?

GEN MOUN KI KWÈ li reprezante rèy Bondye a ki nan kè yon moun, gen lòt ki panse se rezilta efò lèzòm ap fè pou yo rive mete lapè ak fratènite nan monn nan. E ou menm, ki sa w panse?

MEN SA BIB LA DI

“Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm ki pap janm kraze. [...] L ap kraze tout wayòm [lèzòm] sa yo, l ap elimine yo.” (Dànyèl 2:44). Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki egziste toutbon.

KI LÒT BAGAY NOU KA APRANN NAN BIB LA?

  • Wayòm Bondye a ap dirije detan nan syèl la. — Matye 10:7; Lik 10:9.

  • Bondye ap sèvi ak Wayòm nan pou l fè volonte l fèt ni nan syèl la ni sou tè a. — Matye 6:10.

Ki lè Wayòm Bondye a ap vini?

ÈSKE W T AP DI...

  • Pèsonn pa konnen?

  • Talè konsa?

  • Sa pap janm fèt?

MEN SA BIB LA DI

“Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” (Matye 24:14). Yonfwa yo fin preche bon nouvèl la byen preche, Wayòm nan ap vini pou l detwi sistèm mechan ki la kounye a.

KI LÒT BAGAY NOU KA APRANN NAN BIB LA?

  • Pa gen moun sou tè a ki konnen egzakteman ki lè Wayòm Bondye a ap vini. — Matye 24:36.

  • Pwofesi ki nan Bib la montre Wayòm nan ap vini talè konsa. — Matye 24:3, 7, 12.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 8 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje