BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp19 no 2 p. 3
  • Lavi a konn parèt difisil anpil

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lavi a konn parèt difisil anpil
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Sou menm sijè a
  • Lè n santi n pa kapab ankò
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Lè yon moun pa w mouri
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Lè w viktim anba katastwòf natirèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Rezon ki fè lavi a gen sans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
wp19 no 2 p. 3
Yon jèn dam k ap kriye pandan l nan travay li

Lavi a konn parèt difisil anpil

LAVI A kapab bèl anpil lè tout bagay ap byen mache pou nou. Men, pafwa, pwoblèm yo konn fè lavi a parèt difisil anpil pou n sipòte.

Pa egzanp, Samanthaa, yon dam k ap viv Etazini, te pèdi pifò nan sa l te posede apre yon gwo siklòn te fin pase. Men sa l fè konnen: “M te santi m pa t ap ka pran plis strès. M te santi m prèt pou m krake, e m te pase anpil jou konsa.”

E si nou vin pèdi yon moun nou te renmen anpil? Janice, k ap viv nan peyi Ostrali, di: “Lè de pitit gason m yo te mouri, m te tankou yon asyèt fayans ki kraze fè plizyè moso, m te dwe kole yo pyès pa pyès jan m te kapab. Mwen te sipliye Bondye e m te di l: ‘Kè m pa ka sipòte ankò! Tanpri, pèmèt mwen annik dòmi pou m pa janm leve ankò.’”

Daniel, bò kote pa l, te santi l kraze nèt lè madanm li te twonpe l. Men sa l esplike: “Lè madanm mwen te fè m konnen li te twonpe m, se kòmsi yo te ban m yon kout kouto nan kè m. M te fè plizyè mwa ap soufri, e m te santi doulè a nan tout kò m.”

Toudegad sa a bay plizyè rezon ki fè lavi w kapab gen sans menm lè

  • ou viktim anba katastwòf natirèl

  • yon moun pa w mouri

  • mari w oswa madanm ou twonpe w

  • ou malad grav

  • lavi a vin difisil anpil

Ann kòmanse ak premye pwen an, ki se: ki sa w kapab fè lè w viktim yon katastwòf natirèl.

a Yo chanje non kèk moun ki nan seri atik sa yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje