BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp19 no 2 p. 6-7
  • Lè yon moun pa w mouri

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè yon moun pa w mouri
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • MEN SA KÈK MOUN TE FÈ KI TE EDE YO
  • Ki jan m ka rive viv ak lapenn mwen genyen an?
    Lè lanmò pase pran yon moun pa w...
  • Fason w ka sipòte lapenn ou genyen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Fason pou w fè fas ak lapenn ou genyen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Èske li nòmal pou se konsa m santi m?
    Lè lanmò pase pran yon moun pa w...
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
wp19 no 2 p. 6-7
Mari ak madanm ki nan lapenn k ap mache sou yon plaj toutpandan yo pase men nan do youn nan lòt e y ap gade byen lwen

Lè yon moun pa w mouri

“Gran frè m nan te mouri sanzatann. Lè sa a, mwen te santi m san fòs. Plizyè mwa annapre, m te ka annik panse avè I epi m santi m pa byen. Lè konsa, se te tankou yon kout kouto. Pafwa, m te konn santi m an kòlè tou, e m t ap mande tèt mwen: ʻPoukisa frè m nan mouri?ʼ Se nan moman sa yo m te konn plis regrèt m pa t pase plis tan avè l.” — Vanessa, Ostrali.

SI W gen yon moun pa w ki mouri, ou menm tou ou ka gen yon pakèt emosyon k ap travèse w: ou ka tris anpil, ou ka santi w poukò w e w san fòs. Petèt, ou ka an kòlè, ou santi w koupab oubyen w santi w pè. Ou ka menm ap mande tèt ou si lavi a vrèman gen sans.

Ou mèt gen asirans lefètke w tris pandan yon bon ti tan sa pa vle di w fèb pou sa. Okontrè, sa montre jis nan ki pwen ou te renmen moun nan e li te enpòtan pou ou. Men, èske sa posib pou w jwenn konsolasyon toutpandan w nan gwo lapenn nan?

MEN SA KÈK MOUN TE FÈ KI TE EDE YO

Ou gendwa panse lapenn ou genyen an sanble pap janm fini, men, petèt si w suiv konsèy ki vin apre yo, ou ka jwenn konsolasyon.

PRAN TAN POU W KRIYE

Se pa tout moun ki montre lapenn yo menm jan oubyen pandan menm kantite tan an. Malgre sa, lè w pran tan pou w kriye, sa ka soulaje w. Vanessa, nou te pale de li pi wo a, di: “Pou m te soulaje soufrans mwen te genyen an, mwen te konn annik ret konsa m kriye.” Sofia, ki gen sè l ki mouri bridsoukou, fè konnen: “Se pa ti soufri sa fè m soufri lè m ap panse ak sa k te pase a! Se kòmsi yo t ap netwaye yon gwo maleng mwen genyen. Doulè a rèd, se vre, men m konnen se konsa pou maleng nan geri.”

PALE SOU SA W SANTI

Pafwa, li nòmal pou w anvi ret poukò w. Men, andire lapenn sa a poukont ou, se kòmsi w t ap eseye pote yon chay ki twòp pou ou. Men sa Caleb, ki gen 17 an e ki te pèdi papa l, sonje: “Mwen te di lòt moun sa m santi. M pa t panse sa m te di yo te fè sans, men, mwen te santi m byen dèske m te ka di sa m santi.” Janice, nou te pale de li nan premye atik la, bay yon lòt avantaj sa genyen: “Pale ak lòt moun te soulaje m anpil anpil. M te santi yo konprann mwen. Mwen pa t santi m poukont mwen menm jan an ankò.”

AKSEPTE ÈD NAN MEN LÒT MOUN

Gen yon sikològ ki fè konnen: “Lè yon moun ki gen moun pa l ki mouri pèmèt fanmi l ak zanmi l ede l byen bonè nan moman sa rive a, sa pi fasil pou l andire lapenn nan e pou l konbat li.” Fè zanmi w ak fanmi w konnen ki jan yo kapab ede w. Yo anvi fè sa, men, yo ka pa konn ki jan pou yo fè l. — Pwovèb 17:17.

PWOCHE BÒ KOTE BONDYE PLIS TOUJOU

Men sa Tina fè konnen: “M te pèdi mari m bridsoukou akoz li te gen yon kansè. Sa te fè m pa t ka jwenn li ankò pou m pale. Donk, mwen te konn di Bondye tout bagay! Chak jou m mande l pou l ban m fòs pou jounen an. Bondye te ede m plis pase sa m ta ka imajine.” Natacha, ki te gen 22 an lè manman l mouri, di: “Lekti Labib m te konn fè te konsole m chak jou. Sa te pèmèt mwen konsantre m sou yon bagay ki ankourajan.”

IMAJINE LÈ W PRAL WÈ MOUN PA W LA ANKÒ

Tina kontinye pou l di: “Se vre okòmansman, pwomès rezirèksyon an pa t vrèman ede m jwenn konsolasyon m t ap chèche a, paske nan moman an, mwen te bezwen mari m e twa pitit gason m yo te bezwen papa yo. Sepandan, jodi a, katran apre l fin mouri, mwen kenbe esperans sa a fèm, e se li menm ki pèmèt mwen kontinye viv. Mwen konn panse ak moman kote m pral wè l ankò, e sa ban m kè kontan ak lapè!”

Petèt, ou pap santi w byen yon sèl kou. Men, eksperyans Vanessa a ka ankouraje w. Men sa l di: “Ou ka gen enpresyon ou pap janm jwenn yon ti alemye, men tikras pa tikras, w ap santi w pa tris menm jan an.”

Sonje sa, ou gen bonjan rezon pou w kontinye viv, menmsi w toujou ap panse ak moun ki mouri a. Grasa èd Bondye ba w paske l renmen w, ou ka jwenn bon zanmi e lavi w kapab gen sans. Talè konsa, Bondye pral rebay moun ki mouri yo lavi. E li ta renmen pou w sere moun pa w la nan bra w ankò. Lè sa a, lapenn ou santi kounye a pral disparèt pou toutan!

Kèk vèsè nan Bib la ki kapab ede w

Bondye wè lapenn ou ak dlo k ap koule nan je w.

Gen yon moun ki te ekri nan Bib la ki te di Bondye pawòl sa yo: “Se pou w mete tout dlo ki sot nan je m yo nan bidon an po w la. Èske w pa ekri tout move bagay ki rive m yo nan liv ou a?” — Sòm 56:8.

Ou ka ouvri kè w bay Bondye.

“Mwen fè [Bondye] konnen tout sa k ap trakase m [...]. Jewovaa, mwen rele w pou m mande w èd ou.” — Sòm 142:2, 5.

Ou mèt gen espwa.

“Pral gen yon rezirèksyon.” — Travay 24:15.

Bondye pwomèt l ap resisite yon pakèt moun ki te mouri, nou pap ka konte kantite y ap ye, e se pa ti anvi Bondye anvi fè sa!b — Jòb 14:14, 15, nòt.

a Jewova se non Bondye jan Bib la fè konn sa.

b Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rezirèksyon an, gade leson 30 nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an. Se Temwen Jewova ki pibliye l. Ou ka telechaje l gratis sou sit www.jw.org/ht a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje