Annou preche ak yon bòn konduit
1 Jodi a n ap viv nan yon sosyete kote tout bagay pèmi, e nan sosyete sa a, anpil jèn ki pa reflechi gaspiye vi yo nan dwòg, imoralite, rebelyon, ak vyolans. Men sepandan, se tout yon plezi pou nou wè konduit modèl yon kantite bon kalite jèn nan kongregasyon kretyèn nan ki gen yon konduit modèl, e nou sèten sa se bèl bagay nan je Jewova. Konduit jèn sa yo se yon temwayaj pisan ki kapab sèvi pou rale lòt moun vin nan laverite. — 1 Pyè 2:12.
2 Gen anpil eksperyans ki montre bòn konduit jèn kretyen yo gen yon enpak pozitif sou moun k ap obsève. Gen yon metrès lekòl ki t ap pale de yon jèn Temwen Jewova ki te nan klas li. Li te di tout klas la se Bondye demwazèl la, Jewova, ki vrè Dye a. Dàm nan te di sa paske ti pitit la te toujou gen yon konduit respektab. Gen yon lòt pwofesè ki te ekri Lasosyete yon lèt pou li di “ M ta renmen felisite nou pou bon kalite jèn nou genyen nan relijyon nou an. [...] Jèn nou yo reyèlman bay bon egzanp. Yo respekte pi gran pase yo, yo byennelve, e yo abiye avèk modesti. E rele sa, yo konn Bib yo vre ! Men sa yo rele relijyon ! ”
3 Gen yon lòt madmwazèl lekòl ki te enpresyone devan bèl konduit yon jèn ti Temwen setan, ki te nan klas li. Sa ki te atire l se karektè dou tigason an, ansanm ak bon tanperaman li te genyen, e sa te fè li pa t sanble ditou ak lòt timoun parèy li yo. Sa te touche pwofesè a anpil pou li wè fason li te pran kwayans relijye li yo o serye. Li pa t jennen dèske kwayans h te fè l parèt diferan. Li te gen okazyon wè konsyans ti pitit la te fòme pou li te ka “ distenge sa ki byen ak sa ki mal ”. (Ebre 5:14.) Yon jou kon sa, manman tigason an te vizite pwofesè a, e yon etid biblik te kòmanse. Rive yon tan, pwofesè a te batize, e annapre li te vin pyonye pèmanan !
4 Te gen yon jèn gason ki te enfliyanse akoz bèl konduit yon kretyèn, Temwen Jewova, ki te nan menm lekòl avè l. Li te diferan toutbon vre : li te byennelve, li te sou etid li, e li te toujou modès nan abiman l. Epitou, li pa t janm konn flète ak jèn gason, jan lòt medam yo konn fè. Jenòm nan te konstate se prensip biblik yo ki t ap dirije lavi demwazèl la. Li te poze l kesyon sou kwayans li, e sa li te aprann yo te fè anpil efè sou li. Li te kòmanse etidye. Li pa t pran lontan pou li te batize, e se kon sa li te pran sèvis pyonye, e annapre li te al sèvi nan Betèl.
5 Si w se yon jèn kretyen ki ta renmen bay lòt moun temwayaj, se pou chak jou ou siveye konduit ou. Pa janm bliye kò w, pou w ta kòmanse gen panchan pou libètinay ki gen nan monn nan, keseswa nan konpòtman l, nan fason li reflechi ak fason li viv. Se pou w bay yon bèl egzanp nan konvèsasyon w, abiman w, ak aparans ou an jeneral, pa sèlman lè w ap patisipe nan predikasyon ak lè w pral nan reyinyon, men tou lè w lekòl ak lè w ap pran detant. (1 Timote 4:12). Ou va jwenn yon rezon pou w an jwa toutbon vre, lè yon moun pote enterè pou laverite paske ou te “ kite limyè w briye ” gras ak bòn konduit ou genyen. — Matye 5:16.