Jèn k ap klere tankou flanbo
1. Ki sa Bib la di pou l montre kretyen yo t ap vrèman diferan parapò ak monn nan, e ki jan pawòl sa yo byen tonbe pou jèn kretyen yo jodi a ?
1 Jezi te di disip li yo : “ Nou se limyè monn nan. ” (Mat. 5:14, 16). Disip Jezi yo ta dwe remakab menm jan ak yon vil ki sou tèt yon mòn, k ap briye nan limyè solèy. Jodi a, anpil jèn kretyen ap “ klere tankou flanbo nan monn nan ” grasa konduit dwat yo genyen e grasa temwayaj y ap bay avèk zèl. — Fil. 2:15 ; Mal. 3:18.
2. Site kèk fason ou ka bay pwofesè lekòl ou ak kamarad ou temwayaj.
2 Nan lekòl : Ki fason w ka bay temwayaj nan lekòl ou ? Gen jèn, pou yo fè sa, yo konn pwofite konvèsasyon ki fèt nan klas sou yon seri sijè tankou dwòg, evolisyon, sida, pou n site sa yo sèlman. Gen yon jèn sè ki te pwofite yon disètasyon yo te bay fè sou teworis pou l bay yon temwayaj sou Wayòm Bondye a kòm yon espwa reyèl pou limanite. Devwa sa a, ki te rezilta bonjan refleksyon, te fè bèl enpresyon sou pwofesè a, e sa te ouvri chemen pou elèv la bay lòt temwayaj.
3. Ki jan w ka fè limyè w briye nan lekòl ou grasa konduit ou ?
3 Yon lòt fason pou w klere tankou flanbo, se pa mwayen konduit ou, e lè w modès nan abiman w ak aparans ou (1 Kor. 4:9 ; 1 Tim. 2:9). Lè ni elèv ni pwofesè remake konpòtman w diferan, gen ladan yo laverite ka vin atire akoz bèl konduit ou, e yo ka ba w posiblite pou w pataje kèk verite biblik avèk yo (1 Pyè 2:12 ; 3:1, 2). Sa gendwa pa fasil pou w gen yon konduit ki demontre atachman pou Bondye, men Jewova ap beni w anpil anpil (1 Pyè 3:16, 17 ; 4:14). Yon fason ou ka eveye enterè moun yo pou bon nouvèl la, se lè w li piblikasyon biblik pandan poz yo oswa ou kite yo kote moun ka wè yo.
4. Ki byenfè temwayaj nan lekòl bay ?
4 Lè w fè limyè w briye nan lekòl ou, sa fòtifye lafwa w e sa ede w devlope yon fyète ki kòrèk nan sèvis w ap bay Jewova (Jer. 9:24). Sa ap pwoteje w tou. Gen yon sè ki te di : “ Youn nan byenfè mwen jwenn lefètke mwen pale de kwayans mwen, sèke elèv yo pa eseye fè presyon sou mwen pou m ta fè sa ki pa ann amoni ak sa Labib di. ”
5. a) Ki fason kèk jèn etann ministè yo ? b) Ki objektif espirityèl ou genyen ?
5 Yon fason pou nou etann ministè nou : Yon lòt fason anpil jèn klere tankou flanbo, se lè yo etann ministè yo. Gen yon frè, apre li te fini lekòl, li te deplase pou l al sèvi yon kote ki te gen gwo bezwen pwoklamatè Wayòm. Kongregasyon nan zòn li te ale a pa t gen anpil moun, te gen yon sèl ansyen. Men sa l te ekri yon zanmi l : “ Isit la, m ap mennen yon vi ki agreyab. Ministè a tèlman ankourajan ! Nan chak pòt, nou fè anviwon 20 minit ap pale, paske moun yo anvi tande sa n ap di yo a. ” Men sa li te ajoute : “ Mwen ta swete pou chak jèn ta viv yon eksperyans konsa e pou yo ta santi yo jan m santi m nan. Pa gen anyen ki pi bon pase sèvi Jewova ak tout sa nou genyen. ”
6. Ki sa ki fè w fyè de jèn ki nan kongregasyon w lan ?
6 Se pa ti fyè nou fyè de nou menm jèn k ap klere tankou flanbo nan monn nan (1 Tes. 2:20) ! Toutpandan w ap sèvi Jewova ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lespri w e ak tout fòs ou, w ap rekòlte “ san fwa plis kounye a, nan peryòd sa a, [...] e nan sistèm k ap vini an, lavi etènèl ”. — Mak 10:29, 30 ; 12:30.