‘ Annou klere tankou flanbo ’
1 Gen yon fènwa nan domèn espirityèl ak nan domèn moral ki anvayi sistèm n ap viv ladan l lan. Nan mitan fènwa sa a, nan lemonnantye, gen anviwon sis milyon sèvitè vrè Bondye a, Jewova, k ap “ klere tankou flanbo ” nan 234 peyi (Fil. 2:15). Sa fè tout moun remake nou. Men, ki sa nou fè pou nou ka reflete bèl limyè laverite ki soti nan Jewova a ? — 2 Kor. 3:18.
2 Nan fason n ap aji : Sa pa pran tan pou moun remake jan nou konpòte nou (1 Pyè 2:12). Gen yon dam ki gen yon kòlèg travay li ki Temwen. Li remake jan Temwen an byen konpòte l. Li janti, li renmen rann sèvis, li pa nan di betiz nitou li pa ri nan vye blag y ap bay. Yo konn menm eseye di gwo mo devan l yon fason pou yo pwovoke l. Lè konsa li rete byen trankil, men li pa sede. Ki efè sa te gen sou dam nan ? Men ki sa li di : “ Konpòtman l te tèlman fè yon gwo efè sou mwen, sa te fè m kòmanse ap poze kesyon sou Bib la. Mwen te vin etidye Pawòl Bondye a e ansuit mwen te batize. [...] Se konduit li ki te konvenk mwen pou m egzamine kwayans Temwen Jewova yo. ”
3 Antanke Temwen Jewova, konpòtman nou genyen devan otorite yo, jan nou konsidere fason monn nan ap aji e pawòl k ap sot nan bouch nou fè yo konsidere nou kòm moun k ap aplike prensip wo nivo ki nan Bib la. Bon atitid konsa ka fè Jewova jwenn glwa e sa ka fè moun vin adore l.
4 Nan fason n ap pale : An reyalite, moun ki konstate bon konpòtman nou genyen ka pa konnen rezon ki fè nou diferan si nou pa pale avèk yo de kwayans nou. Èske kòlèg travay ou oubyen kondisip lekòl ou konnen w se Temwen Jewova ? Lè w nan yon senp konvèsasyon, èske w konn chèche mwayen pou w tou pwofite preche ? Èske w pran rezolisyon ‘ pou w fè limyè w klere devan lèzòm ’ chak fwa ou jwenn okazyon pou sa ? — Mat. 5:14-16.
5 Pou nou ka ranpli misyon nou antanke moun k ap fè limyè nou klere, sa mande pou nou dispoze fè sakrifis. Si nou dispoze ranpli misyon sa a ak tout nanm nou, sa ap pouse nou mete bagay ki gen mwens enpòtans yo sou kote, yon fason pou nou ka fè tout sa nou kapab nan travay predikasyon an ak nan travay fè disip la, yon travay ki ka bay lavi. — 2 Kor. 12:15.
6 Annou kontinye klere tankou flanbo ni nan fason n ap aji, ni nan fason n ap pale. Si nou fè sa, sa ka rale lòt moun vin bay Jewova glwa bò kote nou.