BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/98 p. 1
  • Èske mwa d out la va yon mwa san parèy ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske mwa d out la va yon mwa san parèy ?
  • Ministè Wayòm nan — 1998
  • Sou menm sijè a
  • Èske w se yon pwoklamatè regilye ?
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Mwa out k ap vini an: Yon mwa nou pap janm bliye!
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Èske nou pa ka fè avril 2000 tounen pi bèl mwa nou pase ?
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Ministè Wayòm nan — 1998
km 8/98 p. 1

Èske mwa d out la va yon mwa san parèy ?

1 Ane 1963 se te yon ane san parèy pou pèp Jewova a. Ou konn pou ki sa ? Se lè sa a kantite pwoklamatè sou tout tè a te rive yon milyon. Si w te nan laverite nan epòk sa a, petèt ou sonje ki jan nou te kontan pou nou gen tout moun sa yo k ap preche Wayòm nan ! Kounye a, gen tout pwoklamatè sa yo nan yon sèl peyi, Etazini. Isit ann Ayiti, nou gen 11,167 pwoklamatè. Toutfwa, genyen 600 nan nou, an mwayèn, ki pa remèt rapò aktivite yo chak mwa.

2 Leve defi a : Pandan mwa d out la, n ap fè efò pou nou atenn yon chif rekò ann Ayiti : douz mil pwoklamatè. Si nou jwenn siksè nan efò n ap fè, mwa d out la ap reyèlman yon mwa san parèy ! Nou kapab atenn objektif sa a, si nou chak nou patisipe.

3 Moun ki gen pwojè al pase vakans, kapab pase yon ti tan nan predikasyon anvan yo ale. Pote depliyan, bwochi, oswa peryodik pou w ka preche moun w ap rankontre sou tout wout ou. Anplis de sa, lè ou rive, ou ka pwofite patisipe nan ministè a ak pwoklamatè nan lokalite a.

4 Si ou gen yon kontraryete (ou malad, ou ansent, oswa ou nouris) ou kapab toujou patisipe nan ministè a. Petèt ou kapab preche doktè, enfimyè oubyen lòt moun ki vin wè w. Petèt ou ka bay temwayaj nan lèt w ap ekri moun oubyen nan telefòn.

5 Asireman, gen moun k ap kontan resevwa èd pou yo ka patisipe nan predikasyon ann out. Ansyen, asistan ministeryèl, ak kondiktè etid de liv, ta dwe pran dispozisyon pou yo bay èd sa a. Antouleka, pa bliye voye rapò sèvis ou ale prese prese nan fen mwa a, pou w ka konte kòm pwoklamatè ann out.

6 Ancheri privilèj la : Ministè a se yon “ byen presye yo konfye nou. ” (2 Timote 1:14). Nou apresye privilèj nou resevwa pou nou preche bon nouvèl la (1 Tesalonisyen 2:4). Lè nou konsidere tout sa Jewova fè pou nou, nou ta dwe anvi patisipe san rete, nan travay trèzenpòtan sa a diran tout ane a. Nou pa ta dwe pèmèt anyen anpeche nou preche regilyèman. Annou fè mwa d out sa a vin yon mwa san parèy nan sèvis Jewova. E, apati de jodi a, ann pran rezolisyon pou nou rann temwayaj pou Jewova chak mwa ! — Sòm 34:1.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje