Mwa out k ap vini an: Yon mwa nou pap janm bliye!
Yo pral distribye yon nouvo feyè sou tout tè a
1. Ki kanpay espesyal yo pral fè sou tout tè a nan moman kote Wayòm Bondye a pa lwen gen 100 ane depi l ap dirije?
1 Wayòm Bondye a pa lwen gen 100 ane depi l ap dirije. Ala yon gwo privilèj nou genyen pou nou onore Jewova lè nou patisipe nan yon kanpay espesyal! Pandan mwa out la, sou tout tè a, nou pral patisipe nan distribye yon nouvo feyè ki gen tit: Ki kote nou ka jwenn repons pou kesyon enpòtan moun poze sou lavi a? Nan feyè sa a, y ap ankouraje moun yo al gade nan Bib la pou yo jwenn repons yo, e yo pral esplike kòman sit jw.org la ka ede moun yo.
2. Ki sa nou ka fè pou nou patisipe nan ‘gwo chan louwanj’ ki pral monte pou Jewova pandan mwa out la?
2 Yon gwo chan louwanj: Pou ede pwoklamatè yo ogmante aktivite yo nan travay predikasyon an, gen yon dispozisyon espesyal yo pran pou pèmèt nenpòt pwoklamatè ki batize ki vle pran sèvis pyonye oksilyè pandan mwa out la. Pandan mwa sa a, pwoklamatè ki batize yo gen posiblite pou yo pran sèvis pyonye oksilyè pou 30 èdtan. Etandone mwa out la gen senk vandredi, senk samdi ak senk dimanch, gen anpil pwoklamatè k ap travay oswa k al lekòl, k ap kapab pran sèvis pyonye oksilyè. Si w gen yon moun w ap etidye Labib avè l k ap pwogrese, oubyen si w gen pitit ou ki ta renmen vin pwoklamatè, pale ak kowòdonatè gwoup ansyen an san pèdi tan. Se pa ti kontan moun sa yo pral kontan pou yo vin patisipe antanke pwoklamatè avèk nou nan travay predikasyon an pandan bèl mwa sa a! Se vre gen anpil pyonye pèmanan ki konn pran vakans pandan mwa out la apre yo fin bay lè yo gen pou yo bay pou ane a, men, yo gendwa ranje pwogram yo pou yo patisipe afon nan kanpay espesyal sa a. Depi kounye a, fanmi yo dwe pale sou sa yo pral fè pou yo patisipe nan ‘gwo chan louwanj’ ki pral monte pou Jewova pandan mwa out la. — Ezra 3:11; Pwovèb 15:22.
3. Ki sa nou swete pou kanpay espesyal sa a?
3 Menmsi nou te patisipe nan plizyè kanpay deja, nou swete kanpay sa a ki pral fèt la se yon kanpay nou pap janm bliye. Pandan mwa out la, èske nou te ka atenn yon nouvo maksimòm nan kantite lè nou preche, nan kantite pwoklamatè ak kantite pyonye oksilyè nou genyen? Tank fen ane sèvis 2014 la ap pwoche, se pou Jewova beni efò pèp li a ki sou tè a ap fè pou yo fè mwa out sa a vin mwa kote nou bay pi gwo temwayaj nan tout istwa nou! — Mat. 24:14.