BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/00 p. 8
  • Èske w se yon pwoklamatè regilye ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w se yon pwoklamatè regilye ?
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Èske w konn kolabore pou yo fè yon rapò ki egzak ?
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Èske mwa d out la va yon mwa san parèy ?
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Èske nou pa ka fè avril 2000 tounen pi bèl mwa nou pase ?
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sèvitè Bondye k ap preche bon nouvèl la
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2000
km 4/00 p. 8

Èske w se yon pwoklamatè regilye ?

1 Nou tout te kontan aprann Ayiti te rive atenn yon maksimòm 12 070 pwoklamatè nan mwa out 1999. Efò ki te fèt la te gen inyon ak fòs volonte ladann ! Sa ki vizib sèke gen kèk nan pwoklamatè sa yo ki te gen difikilte pou yo regilye nan mwa ki vin apre yo, piske depi lè a mwayèn mansyèl la tonbe nan 11 000. Sa endike sou chak 12 pwoklamatè gen youn yo pa t bay rapò l toule mwa sou patisipasyon l nan ministè a. Nou kwè ankourajman nou pral jwenn la a kapab ede nou remedye sitiyasyon an.

2 Ann apresye privilèj la : Nou ta dwe gen yon apresyasyon ki soti nan fon kè nou pou privilèj nou genyen pou pataje bon nouvèl Wayòm nan ak lòt moun. Aktivite sa a fè kè Jewova kontan e li ede moun ki gen bon kè yo aprann chemen lavi a (Pwo. 27:11 ; 1 Tim. 4:16). Lè nou preche regilyèman, sa fè esperyans nou grandi nan ministè a, sa fè nou santi nou gen kè kontan e sa fè nou santi nou reyisi.

3 Bay rapò aktivite a : Gen moun ki patisipe nan predikasyon ki neglije bay rapò aktivite yo alè. Nou pa ta dwe janm santi sa nou fè a twò piti pou rapòte (Gade Mak 12:41-44). Anreyalite, nou ta dwe rapòte sa nou fè a ! Si lakay nou nou gen yon metòd, tankou sèvi ak yon almanak pou n make tan nou pase nan ministè a, sa pral toujou sèvi pou nou sonje fè yon rapò ki egzat chak fen mwa san pèdi tan.

4 Bay èd ki nesesè a : Petèt li nesesè pou n amelyore dispozisyon lokal yo pou moun ki bezwen èd ka patisipe regilyèman nan ministè a. Sekretè kongregasyon an ak kondiktè etid liv yo ta dwe fè aranjman pou pwoklamatè ki gen esperyans yo bay yon koutmen. Si w gen pitit oswa ou gen pwoklamatè w ap etidye avèk yo ki poko batize, ba yo fòmasyon pou yo rapòte aktivite yo chak mwa.

5 Sonje atik “ Reconnaissante à Jéhovah pour une longue vie à son service ” ki te parèt nan La Tour de Garde 1e oktòb 1997 la. Se istwa lavi sè Ottilie Mydland, an Nòvèj. Li te vin yon pwoklamatè regilye bon nouvèl la menm anvan l te batize an 1921. Swasannsèz an apre, nan laj 99 an, li te di : “ Mwen kontan dèske m toujou gen posiblite pou m yon pwoklamatè regilye. ” Ala yon bèl konsepsyon pou tout sèvitè Jewova yo imite !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje