Èske w konn kolabore pou yo fè yon rapò ki egzak ?
1 Anpil fwa, yo sèvi ak chif ki egzak nan Bib la pou yo fè nou viv yon seri evènman ki te pase. Pa egzanp, Gideyòn te rive bat Madyanit yo avèk 300 sòlda sèlman (Jij 7:7). Te gen yon zanj Jewova ki te touye 185 000 sòlda asiryen (2 Wa 19:35). Nan pannkòt 33 anvan epòk nou an, te gen anviwon 3 000 moun ki te batize. Yon tikras tan apre, yo te vin ogmante rive 5 000 (Tra. 2:41 ; 4:4). Dapre istwa sa yo, nou wè sèvitè Bondye lontan yo te konn fè anpil efò pou yo rapòte evènman yo egzakteman, jan yo te pase a.
2 Òganizasyon Jewova a mande nou pou nou remèt rapò nou chak mwa. Lè nou toujou soutni dispozisyon sa a, sa fè yo kapab byen kontwole travay predikasyon an. Rapò yo pèmèt yo wè ki aspè nan ministè a ki bezwen plis atansyon. Yo revele nan ki domèn yo bezwen plis bra. Nan kongregasyon an, rapò yo pèmèt ansyen yo wè kilès ki gen kapasite pou yo fè plis nan ministè a e kilès ki bezwen èd. Lè yo bay rapò sou jan travay predikasyon Wayòm nan ap avanse, se yon ankourajman sa ye pou tout frè nan lemonnantye. Èske w konn kolabore pou yo fè yon rapò ki egzak ?
3 Responsablite pa w : Èske lè fen mwa a rive, ou wè li difisil pou w sonje sa w te fè nan predikasyon ? Si se sa, èske w pa ta ka tou ekri aktivite ou fè chak fwa w sot nan predikasyon ? Gen moun ki sèvi ak yon kalandriye oswa yon kanè nòt. Gen lòt menm ki konn mache ak yon fich rapò vid. Pa pran tan pou w bay siveyan etid liv la rapò w chak fen mwa. Si w vle tou, ou ka depoze l nan bwat rapò ki gen nan Sal Wayòm nan. Si w te bliye bay rapò w, pote l bay siveyan etid liv la san pèdi tan olye pou w ta tann li vin chèche l nan men w. Lè w toujou bay rapò w, sa montre ou gen respè pou dispozisyon Jewova pran, e sa montre ou gen konsiderasyon pou frè ki gen responsablite pou ranmase rapò yo e ki gen pou fè total la. — Lik 16:10.
4 Wòl siveyan etid liv la : Kòm siveyan etid liv la se yon bèje ki veyatif, se diran tout mwa a l ap voye je sou aktivite gwoup la (Pwo. 27:23). Li konn sitiyasyon chak pwoklamatè nan gwoup li a. Li konnen si yo regilye, si yo fè sa yo kapab e si yo preche ak kè kontan. Si yon pwoklamatè fè tout yon mwa li pa preche, li pap pran tan pou ba l èd ki nesesè. Byen souvan, yon ti ankourajman, yon ti konsèy, oubyen envite w envite l preche avè w, se kapab tout sa moun nan bezwen pou l repedale.
5 Chak fen mwa, siveyan etid liv la ap asire l tout moun ki nan gwoup la remèt rapò yo. Se yon fason pou sekretè a ka voye yon rapò ki egzak nan filyal la anvan le 6. Lè mwa a pral fini, l ap bon pou siveyan etid liv la fè gwoup la sonje remèt rapò e l ap tou pote fich rapò vid nan randevou etid liv la. Si gen moun ki konn bliye pot rapò yo, li ka ba yo yon ti rapèl pou l ka ankouraje yo fè sa.
6 Lè nou remèt rapò nou san pèdi tan, sa pèmèt yo konpile yon rapò ki egzak, yon rapò ki di vrèman ki travay ki te fèt nan predikasyon. Èske w ap kolabore nan sans sa a ? Èske w ap remèt rapò w chak mwa, san pèdi tan ?