Siveyan k ap dirije nou yo : Siveyan sèvis
1 Siveyan sèvis la enterese anpil nan tout sa ki konsène pwogrè aktivite evanjelizasyon an nan teritwa kongregasyon an. Kon sa li jwe yon gwo gwo wòl nan ede nou fè fas ak responsablite nou genyen pou nou preche bon nouvèl la. Kòm pwoklamatè zele, li pran latèt nan òganize tout aktivite ki gen rapò ak predikasyon. Kòm anseyan kalifye, li ede pwoklamatè yo vin pi efikas nan ministè a. — Efezyen 4:11, 12.
2 Dirèkteman, ansyen sa a kontwole travay tout asistan ministeryèl ki anchaj piblikasyon, peryodik, ak teritwa. Li dwe veye pou genyen yon bon kantite piblikasyon, peryodik ak fòmilè ki sifi pou chak mwa. Yon fwa chak ane, li egzamine dosye teritwa a pou li wè tout adrès kote yo entèdi pou nou pa antre preche. Li chwazi frè kalifye pou l voye vizite kote sa yo.
3 Siveyan sèvis la responsab pou li sipèvize divès fòm predikasyon, tankou temwayaj nan katye komès, nan lari, e pa mwayen telefòn. Li toujou pare pou li òganize randevou predikasyon pandan tout semèn nan, san li pa bliye jou konje yo. Li montre yon gran enterè pou aktivite etid biblik yo. Li chèche pou li wè ki jan, nan domèn espirityèl, li te ka ede moun ki vin iregilye oubyen inaktif nan ministè a. Li pote anpil enterè nan aktivite pyonye yo, e se li ki dirije pwogram Pyonye ap ede lòt moun.
4 Antanke manm komite sèvis kongregasyon an, siveyan sèvis la pwopoze tout chanjman ki nesesè nan gwoup etid liv yo. Lè li vin vizite gwoup ou a, fè tout posib ou pou w la, epi preche avè l.
5 Nou tout nan kongregasyon an ta dwe kolabore ak siveyan sèvis la nan tout dispozisyon li pran. Sa va ede nou vin pi efikas nan aktivite fè disip la, e n ap jwenn piplis lajwa nan ministè nou.