BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/98 p. 8
  • Mwen vle gen yon etid biblik !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mwen vle gen yon etid biblik !
  • Ministè Wayòm nan — 1998
  • Sou menm sijè a
  • Kòmanse etid nan bwochi Sa Bondye Vle a
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Liv Sa Labib anseye a : prensipal liv pou nou fè etid biblik
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Se pou nou konsyan se yon nesesite pou nou kòmanse etid biblik
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Fason pou n sèvi ak bwochi Bon nouvèl Bondye bay la!
    Ministè Wayòm nan — 2013
Ministè Wayòm nan — 1998
km 11/98 p. 8

Mwen vle gen yon etid biblik !

1 Anpil nan nou esprime anvi pou nou gen yon etid biblik, e nou gen rezon. Se nan aktivite etid biblik nou atenn objektif nou pou nou fè nouvo disip (Matye 28:19, 20). Epoutan, anpil nan nou pase plizyè mwa, petèt plizyè ane san nou pa goute lajwa san parèy ki genyen nan anseye yon moun laverite. Ki sa nou ka fè konsènan sa diran mwa novanm nan ? Etandone se liv Connaissance la n ap ofri mwa sa a, nou ka fè yon efò espesyal pou nou sèvi ave l pou nou kòmanse nouvo etid biblik.

2 Rezève youn oubyen plizyè wikenn : Nou ankouraje tout moun pou yo rezève tan nan mwa sa a pou yo konsantre efò yo pou kòmanse yon nouvo etid biblik. Kondiktè etid liv kongregasyon an ta dwe chwazi youn oubyen plizyè wikenn espesyalman pou sa. Lèfini se pou yo òganize gwoup yo pou yo deplwaye yon efò tèt ansanm nan aktivite fè vizit.

3 Mache ak nòt nou te pran pou vizit nou yo nan randevou predikasyon sa yo. Ansuit al vizite tout moun ki te montre yo enterese, ki te pran piblikasyon oubyen ki te vini nan reyinyon. Fè chak vizit avèk objektif pou nou kòmanse yon etid.

4 Montre ki jan yon etid biblik fèt : Nan randevou predikasyon yo prevwa pou aktivite sa a, yo ta dwe fè yon demonstrasyon byen prepare k ap montre ki jan pou nou kòmanse yon etid lè n al fè yon vizit. Nou te ka di : “ Anpil moun gen yon Bib, men yo pa reyalize li reponn anpil kesyon enpòtan nou tout ap fè fas nan lavi a. [Montre lis chapit ki nan liv Connaissance la, epi li tit chapit 3, 5, 6, 8 ak 9.] Si ou fè yon etid nan liv sa a pandan anviwon inèdtan chak semèn, ou ka vin konprann sa ki esansyèl nan Bib la, nan kèk mwa senpman. Si ou vle chwazi youn nan chapit sa yo, m ap byen kontan montre w ki jan sa fèt. ” Si moun nan ezite etidye paske li gen anpil okipasyon, esplike li li kapab fè yon etid ki dire mwens tan. Prezante bwochi Sa Bondye vle a, epi ofri li pou li etidye yon leson ki byen kout, chak semèn, k ap dire ant 15 a 30 minit.

5 Si nou tout fè efò nan tèt ansanm pou nou kòmanse etid e si nou lapriyè pou Jewova beni efò nou yo, asireman n ap jwenn lòt etid ! (1 Jan 5:14, 15). Si ou vle gen yon etid biblik, petèt se okazyon pou w kòmanse youn.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje