Envite yo vini
1 Gen yon envitasyon ki deyò depi plizyè syèk k ap klewonnen kounye a nan 233 peyi sou tè a : “ Vini non, ann monte sou mòn Jewova a, (...) e li va enstwi nou nan chemen l yo, e n ap anvi mache nan wout li yo. ” (Izayi 2:3). Dirije moun sou Òganizasyon Jewova a se youn nan pi bon mwayen pou nou ede yo fè pwogrè espirityèl ki ka mennen yo nan lavi etènèl.
2 Kèk pwoklamatè kapab ezite pou yo envite etidyan yo nan Sal Wayòm, toutotan yo pa demontre yo fè bonjan pwogrè nan etid biblik y ap fè a. Sepandan, pafwa gen moun ki gen dwa kòmanse asiste reyinyon kongregasyon an anvan menm yo kòmanse fè yon etid biblik avèk yo. Nou pa ta dwe pran tan pou nou bay moun yo yon envitasyon kòdyal, pou nou ankouraje yo vini nan reyinyon.
3 Sa pou nou fè : Se pou nou byen sèvi ak fèy envitasyon yo pou nou enfòme moun yo sou reyinyon nou yo. Fè yo konnen pa gen peye antre nan reyinyon yo, nitou pa gen kèt. Esplike ki jan reyinyon yo dewoule. Fè yo konnen se etid biblik yo ye an reyalite, e yo founi tout moun materyèl pou yo suiv dewoulman etid la. Fè yo wè ap gen divès kalite moun nan asistans la, moun tout ran sosyal. Fè yo konnen moun k ap la yo se moun nan zòn nan e timoun tout laj mèt vini. Nou ta dwe envite moun n ap etidye avè yo, e nou ta dwe ofri yo èd yo bezwen pou yo asiste reyinyon.
4 Youn nan dènye bagay yo mansyone nan Bib la, se yon envitasyon antouzyas pou tire pwofi nan dispozisyon Jewova pran pou bay lavi : “ Ni lespri ni lamarye a di : ‘ Vini ! (...) E se pou nenpòt moun ki swaf vini. Se pou nenpòt moun ki vle vin bwè dlo lavi a gratis. ” (Revelasyon 22:17). Ann envite moun nan reyinyon nou yo. Pa gen pi bon metòd pase sa.
5 Anpalan de plizyè santèn milye nouvo k ap vini pou fè lwanj pou Bondye nan kongregasyon pèp li a tankou kolonm, pwofesi Izayi 60:8 di y “ ap vini tankou nyaj, tankou kolonm k ap vòltije pou rantre nan twou kalòj yo. ” Nou tout kapab envite nouvo yo nan reyinyon nou yo, e nou kapab ba yo bèl akèy. Nan sans sa a nou va kolabore avèk Jewova etan l ap akselere travay rasanbleman k ap fèt la. — Izayi 60:22.