BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/99 p. 2
  • Reyinyon sèvis mwa mas

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Reyinyon sèvis mwa mas
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Soutit
  • Semèn 1e mas
  • Semèn 8 mas
  • Semèn 15 mas
  • Semèn 22 mas
  • Semèn 29 mas
Ministè Wayòm nan — 1999
km 3/99 p. 2

Reyinyon sèvis mwa mas

Semèn 1e mas

Kantik 33

8 min : Anons lokal. Chwazi anons apwopriye nan Ministè Wayòm nan.

17 min : “ Komemorasyon lanmò Kris nan lemonnantye. ” Kesyon/repons. Tou fè kèk kòmantè sou La Tour de Garde 1e fevriye 1997, p. 11-12 § 10-14. Souliye kòman gwo amou Jewova a fè li bay ranson an pou nou.

20 min : Bonjan rezon pou moun pyonye oksilyè ann avril ak me. Diskou siveyan sèvis la avèk patisipasyon asistans la. L ap ankouraje tout moun pou yo enterese seryezman nan sèvis pyonye oksilyè. Repale de ajisteman ki fèt nan kantite lè pyonye pèmanan ak pyonye oksilyè, ki te parèt nan Ministè Wayòm janvye 1999, p. 7. Ajisteman sa a ta dwe pèmèt pi plis moun pwofite privilèj sèvis a plen tan an. Esplike ki jan rekonesans nou pou sakrifis Kris la oblije nou fè tout efò posib pou nou preche lòt moun (2 Korentyen 5:14, 15). Ane sa a, Memoryal la ap tonbe 1e avril. Ala yon bèl okazyon pou tout pwoklamatè Wayòm nan konsakre tout mwa a nèt nan ogmante aktivite teyokratik yo ! Rewè kèk pwen enpòtan nou jwenn nan paj mitan Ministè Wayòm fevriye 1997 ak mas 1998 konsènan sèvis pyonye oksilyè. Montre ki jan nou ka adapte modèl orè yo pwopoze yo. Repale de dispozisyon lokal yo pran, k ap pèmèt frè yo jwenn anpil pòtinite pou yo patisipe nan ministè a ak lòt pwoklamatè. Ankouraje pwoklamatè yo mande yon fich aplikasyon pyonye oksilyè aprè reyinyon an.

Kantik 44 ak priyè final.

Semèn 8 mas

Kantik 52

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

20 min : “ Envite yo vini. ” Kesyon/repons. Souliye nesesite pou nou toujou oryante moun ki fèk enterese yo nan reyinyon kongregasyon an. Demonstrasyon. Yon pwoklamatè ap sèvi ak enfòmasyon ki gen nan liv Connaissance la, p. 159 § 20, kl p. 161-3 § 5-8, pou li pale ak yon moun ki enterese. Ankouraje tout moun fè yon efò espesyal pou envite etidyan Labib yo ansanm ak lòt moun ki enterese pou yo asiste Memoryal la 1e avril. Montre yon fèy envitasyon e esplike ki jan nou ka sèvi avè l yon fason efikas. Tout moun ta dwe kòmanse distribye fèy envitasyon pou Memoryal la nan semèn nan.

15 min : “ Ki jan pou manm fanmi yo byen kopere youn ak lòt : Nan reyinyon kongregasyon an. ” Yon fanmi ap egzamine sijè a an gwoup. Pandan y ap kòmante pwen prensipal atik la, y ap debat sou fason yo ka fè pou yo prepare reyinyon yo an fanmi. Y ap debat sou mwayen yo pral itilize pou youn ede lòt patisipe nan reyinyon e yo di ki sa ki dwe fèt pou fanmi an rive nan reyinyon alè.

Kantik 62 ak priyè final.

Semèn 15 mas

Kantik 56

10 min : Anons lokal. Egzamine atik “ Èske w ap la ? ” a.

15 min : “ Asistan ministeryèl yo rann gwo sèvis. ” Diskou yon asistan ministeryèl kalifye. Rewè pwen enpòtan yo mansyone nan liv Notre ministère, p. 57-9. Esplike ki jan yo sèvi ak asistan ministeryèl yo pou ede kongregasyon an.

20 min : Ann tire pwofi nan Annuaire 1999 la. Dyalòg ant yon mari ak yon madanm. Mari a esplike se te an 1927 yo te premye pibliye Annuaire sou fòm yon liv. Li esplike sa fè plis pase 70 an depi l ap rapòte aktivite mondyal Temwen Jewova yo. Yo fè yon pase sou kèk pwen enteresan nou jwenn nan p. 31, nan ribrik “ Totaux pour 1998 ”. Apre sa yo dyaloge sou “ Une lettre du Collège central ” nan p. 3-5, lèfini yo kòmante fason yo pral fè pou yo ranmase ankourajman yo jwenn nan lèt sa a.

Kantik 68 ak priyè final.

Semèn 22 mas

Kantik 162

10 min : Anons lokal. Site non moun k ap pyonye oksilyè ann avril. Fè konnen li pa twò ta pou yon moun remèt yon fich aplikasyon. Detaye orè reyinyon predikasyon yo planifye pou mwa avril la. Ankouraje tout moun suiv pwogram lekti Labib pou Memoryal la, soti 27 mas rive 1e avril, jan yo prevwa sa nan Examinons les Écritures chaque jour — 1999 ak nan Calendrier 1999.

15 min : Ann prepare pou Memoryal la. Diskou. Tout moun ta dwe planifye ki jan y ap ede etidyan Labib yo ansanm ak lòt moun ki enterese pou yo la nan Memoryal la. Moun ki fèk ap asiste kapab pa konnen kiyès ki sipoze patisipe nan anblèm yo oswa yo kapab pa konnen siyifikasyon selebrasyon an. Repase sa ki te di nan La Tour de Garde 1e avril 1996, p. 6-8, e montre ki jan nou kapab ede yon moun ki fèk enterese konprann ki sa selebrasyon sa a siyifi e nan ki objektif li fèt. Konkli avèk revizyon “ Rapèl pou Memoryal la ”, e di ki dispozisyon lokal yo pran pou Memoryal la.

20 min : Que devient-on quand on meurt ? Yon ansyen ansanm ak 2 oswa 3 pwoklamatè konpetan ap montre valè bwochi a e ki jan nou ka sèvi avè l. Piske nou te etidye bwochi sa a nan etid liv kongregasyon an, nou vin pi byen konnen l. Èske nou byen sèvi avè l nan predikasyon ? Men kesyon yo debat ladann : Poukisa sijè sa a enterese anpil moun ? Kontrèman ak fo ansèyman relijyon yo, ki esperans bwochi a fè parèt aklè ? Ki jan nou ka sèvi ak kesyon nou jwenn nan do bwochi a pou nou bay moun yo anvi konnen ? Nan ki okazyon nou ka ofri l ? Demonstrasyon. Sèvi ak vèsè ki nan p. 27 § 14 la pou nou fè yon prezantasyon. Ankouraje tout moun toujou mete yo prè pou yo byen sèvi ak bwochi a.

Kantik 92 ak priyè final

Semèn 29 mas

Kantik 111

12 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa mas la. Ann avril n ap ofri La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Montre peryodik ki fèk vini yo, sijere atik ki ta ka atire moun nou rankontre yo e mansyone kèk pwen kle ki ka sèvi baz pou konvèsasyon. Tout moun ta dwe toujou mache ak bwochi Sa Bondye Vle pou yo kòmanse etid biblik avèk moun ki enterese.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

18 min : Ki jan nou ta dwe reyaji lè yo ban nou konsèy ? Diskou yon ansyen. Nou tout kapab resevwa konsèy sou konpòtman nou, konduit nou, frekantasyon nou oswa patisipasyon nou nan aktivite kongregasyon an. Pafwa nou gen tandans fè tèt di lè nou resevwa konsèy oswa nou santi nou vekse. Dispozisyon nou pou nou asepte konsèy e pou nou aplike yo ka gen gwo efè sou byennèt espirirityèl nou. Rewè pwen esansyèl ki souliye rezon ki fè nou ta dwe asepte konsèy e ba yo enpòtans yo genyen. Gade La Tour de Garde 1e avril 1987, p. 27-30.

Kantik 118 ak priyè final

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje