Èske w ap la ?
Ki bò ? Nan sesyon vandredi kongrè distri 1999 “ Pawòl pwofetik Bondye a ” (La Parole prophétique de Dieu). Ane pase, pi gwo asistans jounen vandredi a, pou yon kongrè ann Ayiti, te gen 379 moun an mwens konpare ak pi gwo asistans jounen dimanch la. Sa vle di plis pase 12 pousan moun ki te asiste dimanch te pèdi anviwon yon tyè nan pwogram kongrè a. Èske ou menm w ap òganize w pou w prezan pandan touletwa jou kongrè 1999 la ? Nou espere sa.