Èske ou menm w ap la ?
1 Men sa yon Temwen ki la lontan te di yon fwa : “ Si w pèdi premye jou kongrè a, ebyen, ou pèdi twòp ! ” Pouki se sa li te santi ? Paske premye jou a se kòmansman yon kokennchenn festen espirityèl òganizasyon Jewova a prepare pou nou (Iza. 25:6). Lè nou la depi nan kòmansman an, sa demontre nou gen menm santiman ak salmis la ki te di : “ Mwen te rejwi lè yo te di m : ‘ Ann al lakay Jewova. ’ ” — Ps. Sòm 122:1.
2 Toutfwa, ane pase nan kèk kongrè distri “ Pawòl pwofetik Bondye a ”, kantite moun ki te asiste nan vandredi a te pi piti anpil pase kantite ki te la nan samdi ak dimanch. Sa vle di gen yon gwo pousantaj nan frè nou yo ki te rate pati vandredi kongrè a ki te gen enfòmasyon vital sou pawòl pwofetik la. Epitou, yo te pèdi anbyans agreyab avèk frè nan lafwa yo.
3 Pa kite travay ou tounen yon antrav : Petèt kesyon pèdi travay la se rezon ki fè sèten moun pa prezan nan jounen vandredi a. Sepandan, anpil Temwen rann yo kont patwon yo vle kopere avèk yo sou kesyon sa a si yo mande konje a depi davans. Gen yon patwon ki te tèlman enpresyone wè detèminasyon fèm yon sè pyonye pou asiste tout reyinyon kongregasyon li ak tout asanble yo, li te pase tout yon jounen nan kongrè sè a te asiste a !
4 Ou pa ta dwe sipoze patwon w lan pap dispoze ba w konje, nitou ou pa ta dwe konkli si w manke yon jou kongrè sa pap fè anyen. Avèk konviksyon sensè, prepare avèk tak pou w montre patwon w lan nan Bib la, poukisa asiste kongrè a se yon pati enpòtan nan kilt ou a (Eb. 10:24, 25). Answit mete tout konfyans ou nèt nan pwomès Jewova yo, e sonje tout bagay materyèl nou mande l ap ban nou li si nou mete bezwen espirityèl yo an premye nan lavi nou. — Mat. 6:33; Eb. 13:5, 6.
5 Pwen prensipal la se apresye “ bagay ki pi enpòtan yo ”. (Fil. 1:10, 11; Sòm 27:4.) Sa motive nou pou nou ranje pwogram nou pou nou pwofite dispozisyon vital sa yo Jewova pran an nèt. Kòmanse ranje pwogram definitif ou depi kounye a, epi se pou w pran detèminasyon pou ou menm ou la touletwa jou yo !