Annou toujou gen yon bèl konduit k ap glorifye Bondye
1 Toupatou kote nou ye, konduit nou, abiman nou, ak jan nou kwafe, pale pou nou e yo pale pou Bondye n ap adore a. Sa vin pi vizib sitou nan gwo rasanbleman pèp Bondye a fè, kote anpil moun gen je sou nou. Lè nou bay bon egzanp, se non Jewova ki glorifye (1 Pyè 2:12). Sepandan, si dezoutwa moun gen yon move konduit oswa y ap aji san reflechi, sa kapab jete vèni sou non Bondye ak pèp li a (Ekl. 9:18b). Lè nou sonje moun deyò yo se dapre konduit nou y ap jije òganizasyon nou an ak Bondye n ap adore a, sa ta dwe fè nou pran konsyans pou n ‘ fè tout bagay pou laglwa Bondye ’. — 1 Kor. 10:31.
2 Yon konduit modèl nan otèl : Sa rive souvan, travayè otèl yo konn trè enpresyone pou lòd, pou bèl mànyè, epi pou jan Temwen Jewova se moun ki pwòp. Lè manadjè yon otèl t ap pale de fanmi Temwen ki te desann nan otèl li a, men sa l te di : “ Mwen pa janm wè pi bon timoun pase pitit Temwen Jewova yo ! Yo abiye tankou mesyezedam, yo gen politès, koutwazi ak bèl mànyè, e yo pa bay pyès pwoblèm. Vrèman nou merite konpliman pou jèn nou yo. Nou te kontan pou nou gen pitit nou yo isi a. ” Se de bongre moun yo fè kòmantè konsa, paske moun sa yo ki an kontak dirèk avèk nou, kapab wè lanmou ak respè ki genyen nan mitan pèp Jewova a.
3 Yon lòt bò, remak travayè nan lòt otèl fè, endike toujou gen yon pwoblèm avèk kèk moun ki pap veye sou konduit yo oswa ki abize ekipman ki nan otèl la. Sa lakòz pwoblèm, e sa fè vin gen kritik ki pa ta dwe la. Gen kèk manadjè otèl ki plenyen pou timoun ak adolesan ki fè anpil bri e ki fè dezòd. Yo di paran timoun sa yo pa siveye yo pandan yo nan pisin epi pandan y ap sèvi ak lòt ekipman pou detant otèl la genyen.
4 Pifò otèl gen règ kliyan yo dwe respekte. Gen kèk frè ki pase règ sa yo anba pye. Yo fè bri oubyen yo kwit manje nan chanm yo ye a. Manadjè otèl yo di nou, fè kizin kote yo pa otorize, se yon vyolasyon sou dwa pwopriyete yo. Se pa sèlman chanm yo ki vin abime, men gen sant ki rete nan chanm yo. Sa vin fè li enposib tou pou lwe chanm yo pandan plizyè jou e menm plizyè semèn. Nou pa dwe kwit manje nan chanm nan, amwenske espesyalman yo pèmèt moun fè sa.
5 Nou ta dwe fè yon efò toutbonvre pou kopere totalman avèk manadjè a. Se sèten, nou pa vle bay yon move enpresyon sou pèp Jewova a. Antanke kretyen, se toutan nou fèt pou onèt nan konduit nou. Nou pa ta dwe pran dra oswa lòt “ souvni ” nan otèl yo. Sa rele vòl. Ni nonplis nou pa ta dwe bay manti sou kantite moun n ap mete nan yon chanm, lè n ap fè rezèvasyon oswa lè n ap ranpli papye.
6 Yon aparans kòrèk nan kongrè : Kèlkeswa lokal yo itilize, nou dwe wè sal kongrè a tankou yon gran Sal Wayòm. Se pou nou abiye epi kwafe de fason apwopriye menm jan ak lè n ap asiste reyinyon nan kongregasyon nou. Kit se pandan sesyon kongrè a kit se apre, frè ak sè yo ta dwe evite mete rad ki pa modès oswa ki sanble mòd rad ki reflete lespri monn nan e ki fè yo mal pou rekonèt nou kòm moun ki diferan. Sè yo ta dwe pran prekosyon pou estil rad yo, longè jip yo ak wòb yo modès e konvnab (1 Tim. 2:9, 10). Kit se pou asiste kongrè a, kit se pou desann nan yon otèl, kit se pou manje nan yon restoran, kit se pou al achte nan yon magazen, nou ta dwe demontre toutan nou se minis Bondye ki pap bay moun okazyon pou yo tribiche. — 2 Kor. 6:3.
7 Batèm nan pral fèt samdi maten nan kongrè a. La Tour de Garde 1e avril 1995, paj 30, esplike ki konpòtman pou n genyen nan okazyon sa a. Li fè remake nou “ dwe konsidere batèm nan avèk tout enpòtans li genyen. Se pa moman pou moun gaye nan plezi oswa pou n ap anmize san kontwòl. Nonplis, se pa yon moman ki sonm oswa ki sinis ”. Li pa ta apwopriye menm pou moun k ap batize a ta mete yon mayodeben endesan ki pa kouvri kò l ase, kit se gason kit se fi. Kidonk, tout bagay nan batèm kretyen an ta fèt pou reflete lajwa ak enpòtans seremoni an.
8 Pyè fè nou sonje “ ki kalite moun nou dwe ye nan konduit ki sen ak nan aksyon ki montre nou gen atachman pou Bondye ”. (2 Pyè 3:11.) Nou swete pou pawòl nou ak aksyon nou nan kongrè distri : “ Moun k ap mete Pawòl Bondye an pratik yo ”, ede obsèvatè ki gen kè sensè yo pou yo rive konnen gran Dye nou an e pou yo adore l. Se li ki merite tout onè ak tout glwa. — 1 Kor. 14:24, 25.