BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/01 p. 6
  • Aji byen, y ava fè lwanj pou ou !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Aji byen, y ava fè lwanj pou ou !
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • “Se pou nou toujou gen bon konduit pami nasyon yo”
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Yon konduit ki bay Bondye glwa
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Nan kongrè distri yo, yo bay yon gwo temwayaj sou laverite
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Twa jou kote nou pral jwenn rekonfò nan domèn espirityèl
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 5/01 p. 6

Aji byen, y ava fè lwanj pou ou !

1 Obsèvatè nan kongrè distri ane pase yo tè fè anpil kòmantè pozitif ki souliye bèl repitasyon òganizasyon nou an genyen (Pwo. 27:2 ; 1 Kor. 4:9). Gen ladan yo k ap pale de Temwen Jewova, yo di : “ Yo gen yon kè kalm mwen pa janm wè lakay okenn lòt pèp. ” Gen lòt ki di : “ Se yon reyèl plezi pou nou akeyi gwoup sa a. ” Finalman, se sou Jewova lwanj sa yo rejayi (Mat. 5:16). Ane sa a, nou gen yon lòt bèl okazyon ankò pou nou louwe Bondye nan kongrè distri “ Moun k ap anseye Pawòl Bondye ” a.

2 Chak ane, yo raple nou avèk jantiyès konduit ki kòrèk nou ta dwe genyen nan kongrè. Poukisa sa nesesè ? Se paske atitid monn nan, fason moun yo abiye, ak konpòtman yo ap bese chak jou piplis, e nou refize kopye sou yo. Nou pa vle gate bon repitasyon nou genyen an (Efe. 2:2; 4:17). Annou raple nou kèk pwen enpòtan nou dwe veye sou yo.

3 Aji byen nan kesyon lojman : Pandan y ap egzamine paj mitan sa a nan reyinyon sèvis la, nou sipoze deja konnen dat kongrè pa nou an, grasa lèt ki te anonse l la. Fè tout posib nou pou nou mande lojman omwen 2 mwa anvan dat kongrè a.

4 Gen moun ki te loje frè nou yo ki fè nou konnen kantite moun ki te vini an te depase sa yo te prevwa. Gen kongresis ki fè fanmi yo oswa zanmi yo vin jwenn yo pou yo ka rete menm kote avèk yo. Donk lè yo ban nou lojman yon kote, pa depase kantite moun mèt kay la oubyen sèvis lojman an te prevwa.

5 Si nou gen yon pwoblèm anrapò ak kote nou loje a pandan kongrè a, se pou nou enfòme sèvis lojman an. Kèlkeswa difikilte nou rankontre anvan oubyen apre kongrè a, kontakte sèvis lojman an. Eksplike pwoblèm nan an detay, e di ki sa nou te fè pou nou rezoud li, pou frè yo ka ban nou èd nou bezwen.

6 Aji byen nan lokal kote kongrè a ap fèt la : Gen kèk moun ki te refize kopere ak manm sèvis akèy yo, e yo te menm pale avèk yo yon fason ki pa konvnab pou yon kretyen. Lapolis te menm oblije vin remòke machin kèk delege ki te refize obeyi enstriksyon frè yo te bay, e yo te al pakin machin yo kote yo pa t gen dwa. Sa klè, yon atitid egoyis konsa pa idantifye pèsonn kòm moun k ap aji byen, ni li pa bay Jewova Dye lwanj. Kidonk, annou montre nou gen lanmou, annou montre nou pasyan, annou montre nou vle kopere. — Gal. 5:22, 23, 25.

7 Lè pòtay nan lokal kongrè a ouvri a 8 è dimaten, nou konn wè kèk frè ak sè k ap kouri, k ap pouse youn lòt, k ap bat pou yo jwenn “ pi bon ” plas yo. Konn gen moun ki rive blese akòz konpòtman sa a. Se vre, yo te sijere nou pou nou pote yon ti manje pou nou manje a midi. Men, li pa apwopriye pou nou enstale tab nou nan pakin nan epi pou nou sèvi yon kokenn repa. Sa t ava bay enpresyon se tankou se nan yon piknik nou vini.

8 Aji byen nan fason w abiye, nan aparans ou bay : Men sa yon ekriven nan yon gran jounal te di konsènan youn nan dènye kongrè distri yo : “ Sa ki te plis parèt pase nenpòt lòt bagay, se te fason Temwen yo te abiye. Ala sa te atiran pou w wè tout moun sa yo ak diyite ak respè konsa. Dè santèn fanmi ki sot nan tout kalite ras, nan tout kalite gwoup etnik, abiye fen e byen. Foul moun sa yo antre nan estad la byen trankil. An reyalite gwoup Temwen yo pa menm ak tout lòt gwoup yo an jeneral. Alòske se yon bagay ou jwenn fasil sèjousi pou moun ki an piblik demontre move konpòtman, [...] foul Temwen yo, yo menm, yo atiran. ” Annou veye pou fason nou abiye ak aparans nou pa janm depaman ak anbyans espirityèl ki genyen nan kongrè a. — Fil. 1:10.

9 Aji byen nan moman batèm nan : Kandida pou batèm yo pral montre anpil diyite nan moman sa a. Lè yon moun mete rad ki kòrèk pou l al plonje anba dlo, sa montre li apresye moman sakre sa a. Li t ava trè bon pou moun k ap etidye Labib avèk etidyan yo rewè avèk yo “ Questions des lecteurs ” ki te parèt nan La Tour de Garde 1e avril 1995 lan.

10 Abiman nou ak konduit nou montre nou se moun ki atache ak Bondye. Sa bay temwayaj sou kwayans nou kòm kretyen, e sa fasilite moun ki gen kè onèt yo pou yo rekonèt son laverite a. Kidonk, annou “ kontinye aji byen ”, n ava resevwa lwanj tout pandan n ap asiste kongrè distri “ Moun k ap anseye Pawòl Bondye ” a. — Wom. 13:3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje