Annou kontinye kenbe enterè nou te jwenn lè nou t ap difize Nouvèl Wayòm no 36 la
1 Èske w fin distribye kantite Nouvèl Wayòm no 36 ou te resevwa a ? Li vin ak yon kesyon ki byen tonbe, yon kesyon ki enterese tout moun : “ Yon nouvo milenè : ki sa demen sere pou ou ? ” Lè lan 2000 t ap pwoche, moun yo te atann yo nouvo milenè a t ava pote divès kalite bagay. Nouvèl Wayòm no 36 la analize kèk nan sa moun yo t ap atann e li raple nou sitiyasyon ki egziste nan monn nan jodi a pa ba moun bon espwa. Rèy milenè Jezi Kris la se sèl milenè k ap pote lapè ak sekirite pifò moun sou tè a ap chèche a. Se konfyans nou nan Wayòm sa a ki pouse nou distribye Nouvèl Wayòm no 36 la bay kantite moun nou kapab.
2 Efè Nouvèl Wayòm yo : Difizyon Nouvèl Wayòm nou te fè anvan yo, se te yon ankourajman pou nou. Men sa filyal Kanada a te ekri konsènan Nouvèl Wayòm no 35 lan : “ Kit se pwoklamatè kit se pyonye, tout moun te chofe pou yo soutni kanpay espesyal sa a nan predikasyon, e yo te fè anpil eksperyans ankourajan. ” Siman ou menm tou ou chofe menm jan an pou w distribye Nouvèl Wayòm no 36 la.
3 Yo prevwa pou kanpay Nouvèl Wayòm sa a fini 17 novanm 2000. Èske kongregasyon w lan te gen posiblite travay tout tèritwa l la nèt ? Sinon, ansyen yo gen dwa mande pou nou kontinye kanpay la rive jis nan fen mwa a.
4 Jiska prezan, ki efè distribisyon Nouvèl Wayòm no 36 la fè nan lokalite a ? Gen kèk moun k ap ranpli yon koupon pou yo mande yon bwochi Sa Bondye vle oswa yon etid biblik, e genyen tou ki ka mande toulede. Sepandan, pifò nan moun ki te montre okòmansman sijè sou milenè a enterese yo, gen dwa pa poze okenn aksyon jiskaske youn nan Temwen Jewova yo retounen wè yo. Nou ta fèt pou nou retounen vizite tout moun ki te montre yo enterese. Ki lè ki ta pi bon pou nou fè sa ? Pi bonè se granmmaten.
5 Eksperyans nou jwenn annapre yo montre ki rezilta sa te bay lè kèk pwoklamatè te retounen kote yo te fin plase Nouvèl Wayòm no 35 lan. Nan peyi Ilann, gen yon pyonye ki te kite yon Nouvèl Wayòm nan men yon dam ki gen yon restoran. Mesaj ki nan depliyan an te tèlman touche dam nan, li te envite sè a retounen. Sè a te retounen sou de jou, e li te tou kòmanse yon etid biblik avèk mèt restoran an. O Dànmak, Temwen yo te kite yon Nouvèl Wayòm nan yon kay yo pa t jwenn moun. Nan menm jou a, dam ki te rete nan kay la te ranpli koupon ki nan depliyan an e li te voye l nan filyal la. Filyal la li menm, te voye koupon an nan kongregasyon ki preche tèritwa dam nan. Semèn nan pa t ko fini, de sè te al rann li vizit. Yo te pran dispozisyon pou yo kòmanse yon etid biblik avè l, e dam nan te tou asiste premye reyinyon l nan Sal Wayòm nan !
6 Ki sa pou nou di lè nou retounen ? Fè vizit apre nou fin plase Nouvèl Wayòm se pa bagay ki difisil ditou. Epitou se yon etap agreyab nan ministè nou. Lè n ap fè sa, li ta bon pou nou mache ak yon Nouvèl Wayòm no 36 anplis, pou sizoka moun nan pa ta gen pa l la. Petèt ou ta renmen eseye sijesyon nou jwenn annapre yo.
7 Lè w fin fè moun nan sonje ki moun ou ye, ou ta gen dwa di :
◼ “ M te kite yon depliyan nan men w. Depliyan sa a rele ‘ Yon nouvo milenè : ki sa demen sere pou ou ? ’ Èske w pa twouve sa ankourajan dèske talè konsa Rèy milenè Jezi Kris la pral kòmanse epi sa pral fè tè a tounen yon paradi ? [Montre l foto paradi a nan Nouvèl Wayòm no 36 la.] Nan dènye paj la yo envite w ekri pou w mande yon bwochi Ki sa Bondye vle nou fè ? ” Montre l bwochi a. Lèfini, ale nan leson 5 lan, li premye kesyon an, epi li paragraf 1 ak 2, epi mande moun nan si l ka reponn. Li youn oswa de tèks biblik avèk li epi analize yo. Si sa posib, analize yon lòt kesyon ak yon lòt paragraf. Lèfini, pran dispozisyon pou w kontinye konvèsasyon an yon lòt fwa.
8 Piske piblikasyon n ap ofri nan rès mwa novanm nan se bwochi “ Sa Bondye vle ” a oswa liv “ Konesans ” lan, ou ta gen dwa di :
◼ “ Dènye fwa m te vizite w, mwen te kite yon depliyan nan men w. Tit depliyan an se : ‘ Yon nouvo milenè : ki sa demen sere pou ou ? ’ Ladann, yo ofri yon etid biblik gratis. Mwen retounen lakay ou pou m montre w avèk ki zouti nou sèvi pou nou fè etid la. [Montre l yon bwochi Sa Bondye vle epi ale nan do bwochi a. Oswa montre l yon liv Konesans epi ale nan paj 188-9.] Diran milenè Bib la pale a, kondisyon lavi a ap menm jan avèk sa nou wè nan foto sa a. Pou nou kapab jwenn plas nou nan paradi a, nou bezwen chèche gen konesans sou Bondye. Tanpri, kite m montre w ki jan nou fè pou nou etidye Labib avèk moun yo. ”
9 Patisipe nou te patisipe nan difizyon Nouvèl Wayòm no 36 la, sa te ankouraje nou pou nou travay piplis nan predikasyon. Sa te pèmèt nou bay yon pi gwo temwayaj. Anmenmtan, sa te devlope enterè lakay anpil moun nan tèritwa a. Si, avèk èd Jewova, nou fè efò nan tèt ansanm pou nou kontinye kenbe enterè sa a, sa va fè kè nou kontan lè nou wè n ap jwenn plis moun ki sanble ak mouton. — Mat. 10:11 ; Tra. 13:48, 49, 52.