BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/01 p. 1
  • Aprann koute byen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Aprann koute byen
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • ‘Fè atansyon ak fason w ap koute’
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Reyinyon yo bon pou jèn yo
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Fètatansyon ak jan w ap koute
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Poukisa nou dwe reyini ansanm pou n adore?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 1/01 p. 1

Aprann koute byen

1 Koute avèk atansyon sa mande disiplin. Sa mande tou pou moun k ap koute a anvi aprann, epi pou l anvi pwofite de sa l ap tande a. Se sa k fè Jezi te souliye nesesite pou moun “ fè atansyon ak fason [y] ap koute. ” — Lik 8:18.

2 Sa ap sèvi sitou pou lè n ap asiste reyinyon kongregasyon an, asanble ak kongrè yo. Se nan okazyon sa yo nou dwe koute byen (Ebre 2:1). Men kèk pwen ki pral ede nou aprann koute byen nan rasanbleman kretyen sa yo.

◼ Montre nou konprann enpòtans reyinyon yo genyen. Yo se prensipal fason “ Jewova anseye ” nou pa mwayen “ entandan fidèl la. ” — Iza. 54:13 ; Lik 12:42.

◼ Prepare alavans. Gade sijè yo pral egzamine yo. Pa bliye vini ak Bib ou ansanm ak piblikasyon pa w nan sa y ap etidye a.

◼ Pandan reyinyon an, fè yon gwo efò pou w konsantre w. Ou ta dwe evite rete ap pale ak moun ki chita bò kote w yo. Ou ta dwe evite tou rete ap gade sa lòt moun ap fè nan oditwa a. Fè efò pou w pa distrè nan rete ap reflechi sou sa w pral fè apre reyinyon an, oswa sou lòt bagay pèsonèl pa w.

◼ Analize sa y ap prezante a. Mande tèt ou : ‘ Ki jan pou m mete l an pratik ? Kilè m ap kòmanse fè sa ?

◼ Pran nòt senp sou pwen enpòtan yo ansanm ak tèks biblik yo. Sa ap ede w konsantre w sou pwen y ap pale yo. Sa ap kontribye tou pou ede w sonje pwen kle yo pou w kapab sèvi avèk yo yon lòt lè.

3 Aprann timoun ou yo koute : Timoun yo gen bezwen enstriksyon espirityèl (Det. 31:12). Nan tan lontan, ‘ tout moun pami pèp Bondye a ki te ase entelijan pou koute ’, te dwe rete atantif pandan yo t ap li lalwa devan yo (Ney. 8:1-3). Si paran yo sou sa k ap fèt nan reyinyon yo epi si yo koute byen, li pwobab pou pitit yo fè menm jan an. Li pa saj pou nou pote jwèt oswa liv ak kreyon koulè pou timoun yo anmize yo. Epitou, si timoun yo ap pwonmennen san bezwen nan twalèt, sa ap anpeche yo koute. Piske “ sotiz tache nan kè yon tigason ”, paran yo ta dwe fè efò seryezman pou pitit pa yo rete chita trankil pou asiste reyinyon yo. — Pwo. 22:15.

4 Si nou se moun ki konn koute byen, n ap pwouve nou vrèman saj e nou vle “ ranmase plis enstriksyon. ” — Pwo. 1:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje