BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be p. 13-p. 16 par. 5
  • ‘Fè atansyon ak fason w ap koute’

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • ‘Fè atansyon ak fason w ap koute’
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Prepare kè w
  • Koute avèk anpil atansyon
  • Fason pou w koute lè y ap bay diskou
  • Fason pou w koute lè gen patisipasyon kote moun ki nan asistans lan ap fè kòmantè
  • Fason pou w koute nan asanble yo ak nan kongrè yo
  • Aprann pitit ou yo koute
  • Aprann koute byen
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • “ Koute epi [...] ranmase plis enstriksyon ”
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Fason pou w prepare diskou ki pou frè ak sè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be p. 13-p. 16 par. 5

‘Fè atansyon ak fason w ap koute’

KOUTE se yon bagay ki enpòtan lè yon moun ap aprann. Li kapab gen yon efè tou sou esperans yon moun genyen pou l sove. Lè Jewova t ap prepare l pou l sove pèp li a anba esklavaj ann Ejip, li te bay Moyiz enstriksyon pou l suiv. Moyiz te di ansyen nan pèp Izrayèl la sa yo dwe fè pou yo sove premye pitit pa yo lè zanj ki t ap simen lanmò a t ap pase (Egz. 12:21-23). Apre sa, ansyen yo te bay chak fanmi menm enfòmasyon sa a, e yo te fè sa aloral. Pèp la te dwe koute avèk atansyon. Ki jan yo te reyaji? Men sa Labib rakonte: “Pitit Izrayèl yo ale e yo fè jan Jewova te bay Moyiz ak Arawon lòd pou yo fè a. Se konsa yo fè egzakteman.” ​(Egz. 12:28, 50, 51). Kòm rezilta, Bondye te sove Izrayèl yon fason estrawòdinè.

Jodi a, Jewova ap prepare nou pou l sove nou yon fason k ap pi estrawòdinè toujou. Pa gen dout nan sa, nou bezwen koute enstriksyon l ap ban nou yo avèk anpil atansyon. Nou jwenn enstriksyon sa yo nan reyinyon ki fèt nan kongregasyon an. Èske w pwofite reyinyon sa yo totalman? Fason w koute ap jwe yon wòl enpòtan nan sa.

Èske w kenbe pwen enpòtan nan enstriksyon yo bay nan reyinyon yo? Èske chak semèn ou pran abitid chèche ki fason w ka aplike enstriksyon yo bay yo nan lavi w oswa ki fason w ka pataje yo ak lòt moun?

Prepare kè w

Pou nou pwofite enstriksyon yo bay nan reyinyon yo totalman, nou bezwen prepare kè nou. Sa k te pase sou rèy wa Yewochafat la montre li enpòtan pou nou fè sa. Yewochafat te pran yon pozisyon fèm pou vrè adorasyon an. Li te “retire andwa ki wo yo ak poto sakre yo nan Jida” e li te bay prens yo, Levit yo ak prèt yo misyon pou yo anseye moun ki nan tout vil Jida yo Lalwa Jewova. Men, “te toujou gen andwa ki wo ki rete”. (2 Kwo. 17:6-9; 20:33.) Adorasyon fo dye yo ak adorasyon yo t ap bay Jewova nan andwa ki wo payen yo te fè yo, yon adorasyon Jewova pa t otorize, te tèlman tabli nan peyi a, yo pa t rive efase yo nèt.

Poukisa dispozisyon Yewochafat te pran pou yo enstwi pèp la pa t kontinye gen enfliyans sou pèp la? Men sa istwa a kontinye pou l di: “Pèp la pa t prepare kè l pou Bondye zansèt yo a.” Yo te tande enstriksyon yo te bay yo, men yo pa t aji ann amoni avèk yo. Petèt yo te santi sa t ap deranje yo pou yo vwayaje al Jerizalèm pou yo ofri sakrifis. Kèlkeswa rezon an, yo pa t gen lafwa nan kè yo pou pouse yo aji.

Pou nou pa retounen al nan chemen monn Satan an, nou dwe prepare kè nou pou nou resevwa enstriksyon Jewova ap bay jodi a. Ki jan n ap fè sa? Youn nan fason ki enpòtan nou ka fè sa, se lè nou priye. Nou ta dwe priye Bondye pou l ban nou enstriksyon l yo e nou ta dwe montre nou gen rekonesans pou sa (Sòm 27:4; 95:2). Sa ap ede nou apresye efò frè nou yo ap fè, malgre yo enpafè, pou yo mete yo disponib pou Jewova sèvi avèk yo pou l anseye pèp li a. Sa ap pouse nou di Jewova mèsi nonsèlman pou bagay ki nouvo n ap aprann yo, men tou n ap di l mèsi pou posiblite nou genyen pou nou ogmante apresyasyon nou pou bagay nou te aprann anvan yo. Etandone nou vle fè volonte Bondye totalman, men ki priyè nou fè: “O Jewova, enstwi m konsènan chemen w lan! [...] Fè kè m fè yon sèl pou l krenn non w.” — Sòm 86:11.

Koute avèk anpil atansyon

Gen anpil pwoblèm ki ka anpeche nou koute avèk atansyon. Nou kapab gen anpil enkyetid ki chaje tèt nou. Bri ak mouvman k ap fèt nan asistans lan oswa deyò sal la ka distrè nou. Si nou santi nou pa byen, sa ka fè l difisil pou nou konsantre nou. Souvan, moun ki gen timoun piti yo konn pa ka koute avèk anpil atansyon. Ki sa k ka ede nou rete konsantre sou sa y ap di nan reyinyon yo?

Je nou jwe yon gwo wòl nan kesyon rete konsantre a. Donk, fikse je w sou oratè a, sa ap ede w rete konsantre. Lè l site yon vèsè nan Bib la, menmsi se yon vèsè w abitye avè l, chèche l epi suiv nan bib ou pandan l ap li vèsè a. Lite kont anvi w kapab genyen pou w ap gade tout kote w tande yon bri oswa tout kote ki gen yon mouvman. Paske si w kite lespri w distrè ak yon pil enfòmasyon je w ap pote ba li, w ap pèdi yon bon pati nan ansèyman y ap bay sou estrad la.

Si w gen “panse k ap twouble” w ki fè l difisil pou w konsantre w sou sa y ap di nan reyinyon yo, priye Jewova pou l ba w lapè ou bezwen nan lespri w ak nan kè w yon fason pou w ka suiv avèk atansyon (Sòm 94:19; Fil. 4:6, 7). Priye l plizyè fwa, si sa nesesè (Mat. 7:7, 8). Reyinyon kongregasyon yo se yon dispozisyon Jewova pran pou pèp li a. Ou mèt asire w li vle pou w byen pwofite reyinyon sa yo. — 1 Jan 5:14, 15.

Fason pou w koute lè y ap bay diskou

Petèt ou sonje kèk pwen ou te renmen nan kèk diskou ou te tande. Sepandan, lè w ap koute yon diskou, sa mande pou w fè plis pase annik chèche kèk pwen enteresan oratè a ap di. Yon diskou se tankou yon vwayaj. Pandan yon vwayaj, se vre ou kapab wè kèk bagay enteresan sou wout la, men bagay ki pi enpòtan an se kote w prale a, sa vle di objektif la. Oratè a ka ap chèche fè moun k ap koute l yo tire yon konklizyon oswa li ka ap chèche motive yo pou yo aji nan yon sans byen presi.

Annou egzamine diskou Jozye te fè devan nasyon Izrayèl la, diskou nou jwenn nan Jozye 24:1-15. Objektif Jozye se te ede pèp la pran yon pozisyon fèm pou vrè adorasyon an lè yo rejte idolatri nasyon ozalantou yo t ap pratike a konplètman. Poukisa sa te enpòtan konsa? Fo adorasyon an ki te gaye nan peyi a te yon gwo menas pou nasyon an ki te dwe gen yon bon relasyon ak Jewova. Pèp la te byen reyaji devan egzòtasyon Jozye te fè yo a lè yo te di: “Nou pap janm fè lide pou nou kite Jewova pou n al sèvi lòt dye. [...] N ap sèvi Jewova.” E se sa yo te fè! — Joz. 24:16, 18, 31.

Lè w ap koute yon diskou, chèche konprann objektif li. Egzamine ki fason oratè a ap devlope pwen yo pou l atenn objektif sa a. Mande tèt ou ki sa enfòmasyon sa yo ankouraje w fè.

Fason pou w koute lè gen patisipasyon kote moun ki nan asistans lan ap fè kòmantè

Yo fè etid Toudegad, etid biblik kongregasyon an ak kèk patisipasyon nan reyinyon sèvis la sou fòm kesyon ak repons nan yon piblikasyon ki baze sou Bib la.

Lè w ap koute patisipasyon kote moun ki nan asistans lan ap fè kòmantè, nan yon sans se tankou w ap patisipe nan yon konvèsasyon. Pou w ka pwofite sa k ap di yo totalman, ou dwe koute avèk atansyon. Suiv nan ki direksyon konvèsasyon an prale. Byen suiv fason moun k ap dirije konvèsasyon an ap mete aksan sou tèm nan ak sou pwen prensipal yo. Lè l poze kesyon, reponn yo nan lespri w. Koute lè lòt moun ap esplike yon pwen oswa lè y ap fè aplikasyon sou sa y ap etidye a. Lè w vin konnen pwennvi lòt moun sou sijè y ap egzamine a, sa ka ede w vin konprann sijè y ap egzamine a yon lòt jan menmsi w te abitye avè l. Se pou w patisipe nan konvèsasyon k ap fèt la lè w fè kòmantè ki demontre lafwa w. — Wom. 1:12.

Si w etidye pòsyon yo pwograme pou yo etidye a alavans, sa ap ede w patisipe nan konvèsasyon an e sa ap ede w suiv kòmantè lòt moun ap fè. Si w twouve w nan yon sitiyasyon kote l difisil pou w etidye enfòmasyon yo pral egzamine yo afon, omwen pran kèk minit anvan reyinyon an pou w fè yon ti egzamine yo pou w ka gen yon ide jeneral sou yo. Lè w fè sa, sa ap ede w pi byen pwofite konvèsasyon an.

Fason pou w koute nan asanble yo ak nan kongrè yo

Nan asanble yo ak nan kongrè yo, li posib pou w jwenn plis bagay ki ka distrè w pase lè w nan kongregasyon an. Sa ka fè li pi difisil pou yon moun koute. Ki sa ki ka ede w?

Yon bagay ki enpòtan pou w fè se byen dòmi nan aswè. Chak jou, anvan pwogram nan kòmanse, reflechi sou tèm pou jounen an pou l ka byen chita nan lespri w. Gade tit chak diskou ki nan pwogram nan epi eseye reflechi pou w wè ki sa yo pral di nan diskou sa yo. Byen itilize bib ou pandan diskou yo. Anpil moun rann yo kont lè yo pran ti nòt ki kout konsènan pwen prensipal yo, sa ede yo rete konsantre sou pwogram nan. Pran nòt sou enstriksyon ou gen entansyon mete an pratik nan lavi w ak nan travay predikasyon an. Pale sou kèk pwen konsènan diskou yo lè nou prale nan asanble a e lè n ap retounen lakay nou chak jou. Sa ap ede nou sonje enfòmasyon nou te aprann yo.

Aprann pitit ou yo koute

Paran ki kretyen yo ka ede pitit yo, menm timoun piti yo, vin gen “sajès k ap pèmèt yo delivre” a lè yo mennen yo nan reyinyon yo, nan asanble yo ak nan kongrè yo (2 Tim. 3:15). Piske tout timoun pa menm e yo pa ka konsantre yo nan menm degre, li nesesè pou nou gen disènman pou nou ede yo aprann koute avèk atansyon. Konsèy ki vin apre yo ka byen itil ou.

Lè w lakay ou, pran tan pou w fè pitit ou ki piti yo chita trankil pou yo li nan piblikasyon nou yo oswa pou yo gade desen ki ladan yo. Nan reyinyon yo, pa ba yo jwèt pou yo jwe kòmkwa w ap ba yo yon okipasyon. Menm jan ak nan Izrayèl tan lontan an, jodi a tou, timoun yo vin nan reyinyon yo “pou yo ka koute e pou yo ka aprann”. (Det. 31:12.) Gen paran ki twouve l bon pou yo bay menm timoun piti yo piblikasyon pa yo nan piblikasyon y ap etidye a. Ofiramezi timoun yo ap grandi, ede yo prepare pou yo fè kòmantè nan reyinyon yo.

Selon Labib, koute Jewova ak obeyi l se de bagay ki makònen ansanm. Nou kapab wè sa nan pawòl Moyiz te di nasyon Izrayèl la: “Mwen mete devan w lavi ak lanmò, benediksyon ak malediksyon, e ou dwe chwazi lavi [...] lè w renmen Jewova Bondye w la, lè w koute vwa li e lè w rete atache ak li.” ​(Det. 30:19, 20). Jodi a, li trèzenpòtan pou yon moun koute enstriksyon Jewova bay e pou l obeyi Jewova lè l aplike enstriksyon sa yo nan lavi l, konsa, l ap ka gen apwobasyon Jewova e l ap ka jwenn lavi ki pap janm fini an kòm benediksyon. Se sa k fè se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou suiv avètisman Jezi te ban nou an lè l te di: “Fè atansyon ak fason n ap koute!” — Lik 8:18.

KÈK KONSÈY K AP EDE W BYEN KOUTE

  • Priye Jewova pou l ede w rete konsantre sou sa y ap di yo

  • Fikse je w sou oratè a

  • Lè yo site vèsè yo, chèche yo nan bib ou epi suiv lekti a

  • Chèche konprann objektif diskou a

  • Reponn kesyon yo poze yo nan lespri w e byen koute kòmantè lòt moun ap fè

  • Pran nòt ki kout

  • Chèche pwen ou gen entansyon mete an pratik pèsonèlman

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje