Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
Si nou ta wè oubyen nou ta tande yon siyal ki avèti nou gen yon danje, men nou pa fè anyen pou sa, rezilta a ta kapab katastwofik pou nou. Li pi enpòtan toujou pou nou aji devan direktiv nou jwenn nan men Jewova nan domèn espirityèl. Se pwen sa a yo pral souliye nan jounen asanble espesyal ki gen pou fèt nan pwochen ane sèvis la. Men tèm li : “ Fè atansyon ak fason n ap koute. ” — Lik 8:18.
Nan premye diskou oratè vizitè a, li pral konsidere ki jan konsèy Pòl bay nan chapit ki nan kòmansman lèt enspire li te voye bay Ebre yo aplike pou nou menm jodi a. Nan diskou final la, “ Toujou koute enstriksyon Bondye bay ”, oratè vizitè a pral ede nou tout egzamine tèt nou pou nou wè si nou vrèman ap koute Jewova, Pitit Gason l lan ansanm ak “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. — Mat. 24:45.
Fanmi yo sitou pral tire pwofi nan plizyè pati nan pwogram nan. Diskou ki gen tit “ Fanmi ki koute Pawòl Bondye a san yo pa kite yo distrè ” pral ede nou pou nou pa kite bagay nan monn nan toufe pwogrè espirityèl nou. Nan diskou sa a, y ap fè entèvyou avèk moun ki te fè chanjman nan lavi yo pou yo te ka mete bagay espirityèl yo an premye nan lavi yo. Nan diskou ki gen tit “ Ki jan lè jèn nou yo atantif nan koute Pawòl Bondye a sa fòtifye yo ”, y ap fè entèvyou ak kèk jèn ki te pran yon pozisyon fèm pou laverite nan lekòl yo, devan kamarad yo oswa nan ministè yo. E diskou ki gen tit “ Timoun ki koute Bondye e ki aprann ” nan pral ede nou pou nou pa souzestime kapasite timoun yo genyen pou yo aprann. Entèvyou yo pral fè avèk kèk jèn e ak paran yo pral ede nou wè avantaj ki genyen lè nou enstwi timoun yo nan chemen Jewova depi yo toupiti.
Alòske Satan “ ap twonpe tout latè ki abite ”, Jewova li menm ap montre sèvitè fidèl li yo chemen yo fèt pou mache ladan l lan (Rev. 12:9 ; Iza. 30:21). Si nou koute konsèy li ban nou yo avèk atansyon, si nou aplike yo nan lavi nou avèk obeyisans, sa ap fè nou saj, sa ap fè nou ere e sa ap mennen nou nan lavi etènèl. — Pwo. 8:32-35.