BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/05 p. 6
  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sou menm sijè a
  • Revizyon pou jounen asanble espesyal la
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Ann kenbe je nou senp
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Nouvo pwogram jounen asanble espesyal la
    Ministè Wayòm nan — 2000
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2005
km 8/05 p. 6

Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an

Je moun se yon mèvèy (Sòm 139:14). Poutan, se sou yon sèl bagay li ka fikse alafwa. Se yon verite ni nan sans literal ni nan sans figire. Pou nou rete ak yon vizyon espirityèl ki klè, nou fèt pou nou konsantre atansyon nou sou fè volonte Bondye. Etandone monn Satan an ap vini ak plis bagay ki pou distrè nou chak jou, li toutafè apwopriye pou tèm jounen asanble espesyal pou ane sèvis 2006 la se : “ Se pou je nou toujou rete senp. ” — Mat. 6:22.

Ki sa nou ka fè pou nou resevwa benediksyon nan men Jewova (Pwo. 10:22) ? Y ap egzamine kesyon sa a nan diskou ki gen tit sa a : “ Benediksyon n ap jwenn si je nou toujou rete senp. ” Ap gen entèvyou ki pral souliye fason nou ka tire pwofi lè nou aplike prensip biblik yo. Men tit premye diskou oratè vizitè a : “ Se pou je nou toujou rete senp nan monn mechan n ap viv la ”. Se yon diskou ki pral ban nou kèk mizangad sou bagay ki ka konplike lavi nou e ki ka toufe espirityalite nou tikras pa tikras. Anplis de sa, n ap aprann sa sa vle di pou nou “ chwazi bon pòsyon an ”. — Lik 10:42.

Ki jan paran ak lòt moun ankò ka ankouraje jèn kretyen yo pou konsantre yo sou objektif espirityèl ? Diskou sa yo : “ Paran ki byen oryante flèch yo ” epi “ Jèn k ap pousuiv objektif espirityèl ” pral vini ak deklarasyon kèk paran ak kèk jèn fè sou kesyon enpòtan sa a (Sòm 127:4). Se oratè vizitè a k ap fè dènye diskou a. Li pral montre ki jan nou ka kontinye pwogrese ak òganizasyon Jewova a pèsonèlman, antanke fanmi e antanke kongregasyon.

Kit nou fèk pran laverite, kit n ap sèvi Jewova depi plizyè dizèn ane, li trèzenpòtan ‘ pou je nou toujou rete senp ’. Se egzakteman sa pwogram jounen asanble espesyal la pral ede nou fè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje