BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/01 p. 4
  • Annou pran plezi nan sa n ap fè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou pran plezi nan sa n ap fè
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • Lajwa: Yon kalite Bondye ban nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • “ Se pou nou sèvi Jewova avèk jwa ”
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Annou chèche gen plis kè kontan nan predikasyon
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • “ Sa pa enterese m ”
    Ministè Wayòm nan — 2007
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 1/01 p. 4

Annou pran plezi nan sa n ap fè

1 Jezi te di, diran prezans li a, se pifò moun ki ‘ pa t ap atantif ’ tankou sa te ye nan epòk Noye a (Mat. 24:37-39). Kidonk, nou atann nou aske anpil moun ap refize koute bon nouvèl Wayòm nan. Ki sa ki kapab ede nou toujou gen lajwa pandan n ap akonpli ministè nou an ? — Sòm 100:2.

2 Premyèman, nou bezwen mete nan tèt nou, mesaj nou an ak misyon nou pou preche a se nan Bondye toulede soti. Malgre n ap fè tou sa nou kapab nan ministè a, lè moun yo mal reyaji, an reyalite se Jewova yo rejte. Si nou sonje Jewova kontan avèk nou lè nou fidèl nan predikasyon, sa ap ede nou toujou gen lajwa. Epitou nan fon kè nou, n ap satisfè antanke moun ki pran plezi nan mete Pawòl Bondye an pratik. — Jak 1:25.

3 Dezyèmman, ap toujou gen moun k ap asepte mwayen delivrans Jewova a. Kwak majorite moun kapab endiferan, toujou genyen ki sanble ak mouton pou nou rasanble, menm kounye a, malgre tan lafen an prèt pou fini. Nou bezwen kontinye al preche, “ nan kèlkeswa vil oswa bouk la ” pou nou “ chèche moun ki diy nan. ” — Mat. 10:11-13.

4 Kenbe yon atitid pozitif : Move zak fo relijyon ap anrejistre fè kèk moun pèdi espwa yo te genyen. Gen lòt sistèm de choz sa a te fin ‘ deplimen yo e yo te gaye ’ yo (Mat. 9:36). Anpil moun kapab santi yo akable paske yo pa jwenn travay, yo pa gen mwayen pran swen sante yo, epi yo pa gen okenn sekirite. Si nou rive konprann sa, sa ap ede nou pèsevere nan travay nou an. Fè efò nou pou nou antame konvèsasyon sou pwoblèm ki touche pifò moun ki nan tèritwa nou an. Ede yo konprann sèl solisyon an, se Wayòm Bondye a. Se pou nou sèvi ak Labib ak ide presi ki nan piblikasyon yo, pou nou touche kè yo ak bon nouvèl la. — Ebre 4:12.

5 Moun ki pran plezi nan mete Pawòl Bondye an pratik toujou sonje “ lajwa Jewova a se fòtrès nou. ” ​(Ney. 8: 10.) Pa gen nesesite pou nou pèdi lajwa nou. “ Si kay la diy, se pou lapè nou swete l la vini sou li, men si li pa diy, se pou lapè nou an retounen jwenn nou. ” ​(Mat. 10:13.) Jewova ap renouvle lajwa nou ak fòs nou, pandan n ap andire avèk pasyans nan sèvis sakre li a, epi l ap beni fidelite nou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje