Annou glorifye Jewova pa mwayen bèl zèv nou yo
1 Lè nou pran anba yon move tanpèt, ala bon sa bon pou nou jwenn yon abri ! Si anndan abri a gen bon ti chofaj epi nou an sekirite, si moun nan kay la konn resevwa moun, n ap byen kontan rete la. Se nan yon abri konsa travay predikasyon Wayòm nan ap kondi moun ki nan sistèm Satan an. Èske konduit nou toulejou kapab ede lòt moun wè nan ki pwen refij sa a atiran ? Wi, paske Jezi te di moun yo ta fèt pou yo ka ‘ wè bèl zèv nou yo epi pou yo glorifye Papa nou ki nan syèl la ’. — Mat. 5:16.
2 Ki jan pou konduit nou ye defason pou zèv nou yo atire lòt moun vin sèvi Jewova nan òganizasyon pa l la ? Se lè nou kite pawòl Jezi nou jwenn nan Lik 6:31 ak Lik 10:27 la, transfòme lavi nou toulejou. Sa pral fè nou chofe pou nou montre, avèk amou, nou enterese nan moun parèy nou yo. Se sa k pral montre nou pa menm ak monn san chalè sa a, monn endiferan sa a.
3 Yon sè ki te nan yon batiman k ap fè lanavèt, t ap gade yon jèn dam yon move mal lanmè t ap maltrete. Madanm nan pa t menm ka pran swen tipitit piti li te genyen an. Sè a te ofri pou l okipe timoun nan pou li. Lè madanm nan t ap mande ki jan li ta fè pou l montre rekonesans li, sè a te di li : ‘ Silvouplè, pwochèn fwa Temwen Jewova yo vin rann ou vizit, koute yo. ’ Madanm nan te fè sa, e kounye a li menm ak mari l se Temwen yo ye. Se bèl zèv ki te fè moun sa yo byen reyaji devan mesaj Wayòm nan.
4 Sa konsène tout lavi nou : Konduit nou nan vwazinaj nou, nan travay nou oswa nan lekòl nou, e menm lè n ap pran detant, kapab pèmèt lòt moun konnen ki moun nou ye e ki relijyon nou. Pakonsekan, li ta bon pou nou mande tèt nou : ‘ Fanmi m avè m, ki jan moun wè nou ? Èske moun ki nan vwazinaj la twouve kay nou ak lakou nou toujou pwòp e byen antretni ? Èske kòlèg travay nou yo, kondisip lekòl nou yo, konsidere nou kòm moun ki toujou alè e ki sou travay ? Èske lòt moun yo twouve nou modès ? Epi èske aparans nou montre nou gen respè pou moun ? ’ Adore Jewova kapab vin pi atiran pou lòt moun grasa bèl zèv nou yo.
5 Pyè te avèti nou yo ta pase kretyen nan derizyon (1 Pyè 4:4). Nou dwe bat pou se pa konduit nou ki lakòz moun pale nou mal (1 Pyè 2:12). Si zèv nou fè toulejou yo glorifye Bondye n ap adore a, n ap vin tankou lanp yo mete wo. Se kòmsi n ap fè lòt moun yo siy pou yo vin nan refij Jewova bay la. — Mat. 5:14-16.