Avèk zèl, annou youn ankouraje lòt fè bèl aksyon
Ebre 10:24 ankouraje nou pou n “voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”. Nou ka ankouraje frè nou yo grasa egzanp nou bay ak pawòl nou di ki bati lafwa yo. Pataje bèl eksperyans nou fè ak lòt moun nan kongregasyon an. Montre yo jan nou gen lajwa nan sèvis Jewova a. Anmenmtan, evite konpare yo avè n oswa ak lòt moun yon fason ki pa apwopriye (Gal. 6:4). Chèche itilize fòs nou pou n ankouraje lòt moun pou yo gen ‘lanmou e pou yo fè bèl aksyon’. Pa fè yo santi yo koupab pandan n ap ankouraje yo fè bèl aksyon. (Gade liv Lekòl ministè teyokratik la, p. 158, § 4.) Si youn pouse lòt gen lanmou, lè sa a, n ap rive fè bèl aksyon tankou: fè byen pou lòt moun nan domèn materyèl epi preche yo bon nouvèl la. — 2 Kor. 1:24.