Ki pwojè nou ojis ?
1 Nou tout nou gen pwojè nou fè pou lavni. Moun ki gen esperans terès yo ap tann pou y al viv pou toutan nan monn nouvo jis Bondye a. Men gen kèk enfliyans ki ta kapab wete esperans sa a nan kè nou. Nou bezwen fè bèl efò pou nou kontinye santre lavi nou sou aktivite ki konsène enterè Wayòm nan e pou nou pa kite dezi lachè distrè nou. — 1 Jan 2:15-17.
2 Pa mande monn nan pou l konprann moun ki gen aspirasyon espirityèl (1 Kor. 2:14). Alòske lòt moun yo ap batay pou laglwa, pou pouvwa, pou richès, nou menm, n ap rapousuiv trezò espirityèl (Mat. 6:19-21). Ou kwè n ap janm atenn objektif espirityèl nou yo, si n ap chèche konfòme panse nou selon jan monn nan wè lavni ? Finalman, aktivite n ap mennen toulejou t ap anvayi kè nou. Ki jan pou nou anpeche sa fèt ?
3 “ Abiye nou ak Seyè Jezi Kris ” : Youn nan fason nou ka chèche konnen si nou santre lavni nou sou aktivite ki konsène enterè Wayòm nan, se egzamine konvèsasyon nou. Èske se toutan n ap pale sou bagay materyèl ak sou aktivite n ap mennen toulejou ? Si se konsa, nou dwe mande tèt nou si kè nou pa pèdi konsantrasyon li te genyen sou bagay espirityèl yo. Nou gen dwa bezwen fè efò plis toujou pou nou ‘ abiye nou ak Seyè Jezi Kris, olye pou n ap fè pwojè pou dezi lachè a ’. — Wom. 13:14.
4 Jèn yo kapab ‘ abiye yo ak Kris ’ lè yo fè pwojè pou yo antre nan sèvis a plen tan. Te gen yon jèn ki te vle vin pyonye, men li leve nan yon zòn kote abitid jèn gason yo, se fè anpil lajan met la pou demen. Se sa k fè li te vin tèlman antre fon nan biznis, li rive nan yon pwen kote se pa woutin l ap asiste reyinyon, se pa woutin l al nan predikasyon. Yon fwa li vin fè pawòl Jezi di nan Matye 6:33 a konfyans, li kite travay san pran souf sa a, e li kòmanse yon karyè kòm minis a plen tan. Kounye a, li gen yon bon konsyans, e tankou li fè konnen, se kounye a l ap sèvi Jewova ak ‘ tout kapasite l ’.
5 Labib di li saj pou yon moun fè pwojè pou lavni (Pwo. 21:5). Nou tout mèt fè sa pandan n ap mete volonte Bondye an premye nan panse nou. — Efe. 5:15-17.