Sèvis a plen tan bay kè kontan
1 Antanke jèn, siman ou deja reflechi sou avni w. Men sa Pwovèb 21:5 fè nou konnen : “ Pwogram yon moun dilijan ap pote avantaj san mank. ” Donk, l ap bon pou w reflechi seryezman sou objektif ou nan lavi a. Pandan w ap fè pwojè pou demen, reflechi pou w wè si w pa ta ka antre nan sèvis a plen tan. Poukisa sa ta bon ?
2 Mande kèk granmoun ki te pyonye pandan yo te jèn, sa yo panse de sèvis sa a. Yo tout ap ba w menm repons lan : “ Se te pi bèl ane m te pase nan lavi m ! ” Gen yon frè ki te jwenn kè kontan nan sèvis a plen tan pandan l te jèn gason. Men sa l di lè l vin granmoun : “ Ala yon kokennchenn satisfaksyon mwen genyen lè m ap sonje kan m te jèn, mwen te suiv konsèy sa a ki gen sajès ladann : ‘ Depi kounye a, pandan w jèn, se pou w sonje Gran Kreyatè w la. ’ ” (Ekl. 12:1). Sa mande pou ni ou menm, ni paran w chita ansanm pou nou planifye ki sa ki ka fèt, pou pèmèt ou jwenn kè kontan sa a, kit ou se yon jèn gason, kit ou se yon jèn fi.
3 Paran, ankouraje pitit ou yo pran sèvis a plen tan : Kòm Jewova se yon papa ki renmen pitit li, li montre nou egzakteman nan ki chemen pou n mache (Iza. 30:21). Li ban nou bonjan direksyon ki baze sou lanmou. Konsa, li kite yon bon egzanp pou nou menm paran pou nou suiv. Olye pou nou kite pou se pitit nou ki chwazi pou kont yo ki chemen ki pi bon pou yo, avèk sajès, gide yo nan chemen yo ta dwe mache a, yon fason pou yo ka jwenn benediksyon nan men Jewova. Konsa, lè yo vin granmoun, fòmasyon nou te ba yo a ap ede yo “ distenge sa ki byen ak sa ki mal ”. (Ebre 5:14.) Grasa eksperyans granmoun yo fè, yo konnen yo pa ka fè pwòp tèt pa yo konfyans. Yo dwe apiye sou Jewova pou yo ka mache nan chemen dwat (Pwo. 3:5, 6). Jèn yo bezwen apiye sou Jewova plis toujou, paske yo gen mwens eksperyans nan lavi a.
4 Paran, depi pitit ou ap pwoche bò laj 10 an, e menm pi bonè toujou, pale avèk yo kòrèkteman sou ki karyè yo ta renmen chwazi pou lavi yo. Pwofesè ak kondisip lekòl pral chèche enfliyanse yo pou yo kouri dèyè objektif materyèl monn nan ofri. Ede pitit ou yo pou yo chwazi yon metye k ap pèmèt yo jwenn sa yo bezwen pou yo pran swen tèt yo, san yo pa sakrifye enterè Wayòm nan (1 Tim. 6:6-11). Kèk fwa, gen moun ki annik fini lekòl, yo aprann yon pwofesyon, yo suiv yon estaj, e sa konn sifi pou yo jwenn yon travay k ap pèmèt yo pran swen tèt yo kòmsadwa, etan yo derape nan sèvis pyonye pèmanan.
5 Ankouraje jèn yo rete selibatè tank yo kapab. Annapre, si yo deside marye, y ap vin pi prepare pou yo pote gwo responsablite ki gen nan maryaj. (Gade nan paj mitan Ministè Wayòm mwa jen 2001, § 19, nan atik ki di : “ Èske w ka rann ou disponib ? ”) Pale an byen de sèvis pyonye, de posiblite pou yon moun al sèvi kote yo bezwen plis bra, de sèvis nan Betèl, de sèvis misyonè. Sa pral mete lakay jèn yo, menm lè yo toupiti, dezi pou yo sèvi ak lavi yo yon fason k ap fè Jewova plezi, k ap itil lòt moun, e k ap fè yo jwenn anpil kè kontan.
6 Jèn, bay sèvis a plen tan premye plas la : Nou menm jèn, olye pou n ap poze tèt nou kesyon sa k gen nan sèvis pyonye a, poukisa nou pa kòmanse fè eksperyans avèk sèvis pyonye oksilyè ? Nou ka fè sa nan mitan ane lekòl la, oswa lè nou nan peryòd vakans. Lè sa a, n ap konnen nan ki pwen sèvis pyonye bay satisfaksyon ! Sa n panse si nou ta prevwa pran sèvis pyonye oksilyè disi vakans d ete a ?
7 Si w se yon jèn frè nan òganizasyon an, reflechi seryezman sou posiblite pou w ta ranpli kondisyon pou w vin asistan ministeryèl (1 Tim. 3:8-10, 12). An plis de sa, ou ka deside si w ap ranpli yon demann pou sèvis Betèl oswa pou Lekòl fòmasyon ministeryèl lè w gen laj pou sa. Eksperyans ou fè nan sèvis pyonye kapab aprann ou ki jan pou w respekte yon pwogram, ki jan pou w vin pi byen òganize, ki jan pou w aprann boule ak lòt moun, ki jan pou w devlope sans responsablite lakay ou elatriye. Tout bagay sa yo ap prepare w pou pi gwo privilèj pi devan.
8 Yon pwen enpòtan k ap pèmèt ou reyisi nan sèvis a plen tan, se lè w toujou sou travay nan sèvis Bondye a. Se mantalite sa a apot Pòl te ankouraje nou pou nou genyen, e li te montre ki benediksyon nou ka jwenn, lè l te di pawòl sa yo : “ Kèlkeswa sa w ap fè, travay ladann ak tout nanm ou, tankou se pou Jewova w ap fè l, [...] paske w konnen se nan men Jewova w ap resevwa bonjan rekonpans lan. ” (Kol. 3:23, 24). Nou swete pou Jewova beni nou e pou l ban nou anpil kè kontan nan sèvis a plen tan !