BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/99 p. 1
  • Ranje pwogram nou davans !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ranje pwogram nou davans !
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • “Se pou l pèmèt tout sa w planifye reyisi”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Itilize tan nou avèk sajès
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Annou konstwi lavi nou toutotou sèvis Jewova
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Ki pwogram nou pou grann vakans lan ?
    Ministè Wayòm nan — 1998
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1999
km 5/99 p. 1

Ranje pwogram nou davans !

1 Òganizasyon Jewova a mete yon pwogram aktivite teyokratik sou pye ki toujou la pou satisfè bezwen espirityèl nou. Apresyasyon nou pou pwogram sa a ap fè nou souke kò nou pou nou pwofite nèt tout bagay ki gen ladan l tankou vizit siveyan sikonskripsyon, asanble, gran kongrè ak lòt aktivite espesyal yo prevwa pou kongregasyon nou an (Matye 5:3). Malerezman anpil moun rate yon bon valè nan pwogram espirityèl sa yo poutèt yo te deja angaje yo nan lòt pwojè. Ki sa nou kapab fè pou nou evite sa ? Ki prekosyon nou ka pran pou nou pa kite aktivite ki pa aktivite teyokratik pran plas “ bagay ki pi enpòtan yo ” ? — Filipyen 1:10.

2 Lesansyèl se pou nou gen sajès lè n ap ranje pwogram nou : Pwovèb 21:5 bay konsèy sa a : “ Pwogram yon moun dilijan ap pote avantaj san mank, men tout moun ki twò prese ap tonbe nan endijans kanmenm. ” Pou n ka jwenn avantaj espirityèl la, nou bezwen ranje pwogram nou davans avèk dilijans pou nou toujou sonje kite plas pou aktivite teyokratik yo te deja prevwa yo. Nou dwe prevwa fè aktivite pèsonèl nou yo yon lè ki pap anpeche n la kote pou nou rekòlte benediksyon espirityèl. Si nou kouri bati pwogram pèsonèl nou, san nou pa reflechi sou dispozisyon teyokratik yo prevwa yo, gen anpil chans pou nou soufri “ endijans ” espirityèl.

3 Pa kite okazyon pase ! Nou tout nou konn fè pwojè pou demen tankou pran vakans, fè vwayaj komès, al wè fanmi nou ansanm ak lòt pwojè ankò. Depi anvan nou angaje nou nan yon pwojè oubyen depi anvan nou fin planifye, nou dwe tcheke pwogram aktivite espirityèl ki pral fèt yo. Si nou sispèk gen vizit siveyan sikonskripsyon oubyen kongrè k ap tonbe nan dat nou te prevwa deplase a, fè yon gwo efò pou vire pwogram nou yon jan pou nou ka patisipe lè sa a. Yo toujou fè nou konnen davans ki lè pifò aktivite teyokratik yo ap fèt. Ansyen nan kongregasyon nou ka di nou ki sa ki pwograme pou kongregasyon nou an.

4 Si nou ranje pwogram nou davans avèk prevwayans etan n ap kite plas pou bagay ki pi enpòtan yo, “ nou pral chaje ak fwi lajistis [...] pou bay Bondye glwa ak louwanj ”. — Filipyen 1:11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje