BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/01 p. 1
  • “ Pawòl Bondye a [...] gen pouvwa ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Pawòl Bondye a [...] gen pouvwa ”
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • “Pawòl Bondye a [...] pisan”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Nou dwe konvenk moun yo lè n ap anseye
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sèvi ak Bib la kòrèkteman
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Èske w defann Pawòl Bondye a ?
    Ministè Wayòm nan — 2007
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 5/01 p. 1

“ Pawòl Bondye a [...] gen pouvwa ”

1 Apot Pòl te ekri : “ Pawòl Bondye a vivan e li gen pouvwa. ” ​(Ebre 4:12). Ki sa l te vle di la a ? Pawòl Bondye oswa mesaj Bondye nou jwenn nan Bib la, kapab fè gwo efè sou moun yo. Sajès ki gen nan Bib la gen pouvwa pou l chanje lavi yon moun an byen. Rekonfò ak espwa Bib la bay atire moun yo pou yo vin jwenn Jewova Dye, li menm k ap bay lavi a. Mesaj li a kapab ede moun ki gen bon kè yo pou yo pran wout ki mennen nan lavi etènèl la. Toutfwa, pou nou ka wè efè sa yo, nou dwe sèvi ak Bib la lè n ap preche lòt moun yo.

2 Se pou w sèvi ak Bib la chak fwa sa posib : Sanble gen anpil pwoklamatè ki pèdi abitid sèvi ak Bib la nan predikasyon kay an kay. Èske se ka pa w ? Piske anpil moun sanble yo pa gen tan pou yo fè konvèsasyon ki long, petèt ou vin tonbe nan woutin. Petèt ou annik ofri yon piblikasyon oswa ou site yon vèsè pakè. Nou ankouraje tout pwoklamatè fè bonjan efò pou yo li yon vèsè nan Bib la pou pi piti, lè y ap prezante bon nouvèl la. Lè sa a, y ap pèmèt moun nan wè, mesaj nou an soti dirèk dirèk nan Pawòl Bondye a.

3 Menmsi pa gen anpil moun ki pran abitid li Labib, an jeneral, se yon liv yo respekte. Byen souvan, menm moun ki okipe konn pran kèk minit pou yo koute yon mesaj ki soti dirèk dirèk nan Pawòl Bondye a. Lè nou li yon vèsè nan Bib la ki byen tonbe, nou fè sa avèk chalè, e nou bay yon eksplikasyon tou kout sou vèsè a, pouvwa pawòl Jewova a kapab gen yon bon efè sou moun k ap koute nou an. Men, ki jan nou ka fè, lè nou fin di premye pawòl yo, pou nou pase nan yon vèsè ki nan Bib la ?

4 Eseye sèvi ak Bib la lè w ap prezante peryodik : Gen yon siveyan sikonskripsyon ki pran abitid sèvi ak Bib la lè l ap prezante peryodik. Li toujou gen yon Bib ti fòma nan pòch li. Li prezante peryodik yo, li bay yon ide kout sou yon atik, apre sa li ouvri Bib la san l pa ezite, epi li li yon vèsè ki ale ak atik li te prezante a. Sa kapab fèt byen senp, tankou si w mande moun nan : “ Ki sa w panse de pwomès ankourajan sa a ? ” Annapre, ou annik li vèsè ou te chwazi a.

5 Bay tèt ou objektif pou w li yon vèsè oswa de vèsè nan Bib la ak chak moun ki koute w. Pouvwa Bib la genyen pou l pouse moun yo aji, kapab ouvri chemen pou plis moun toujou vin pwoche bò kote Bondye. — Jan 6:44.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje