Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 sept.
“ Nan prèske tout relijyon, gen moun ki renmen laverite. Poutan, relijyon an jeneral gen tandans divize moun. Daprè ou menm, ki sa ki ta sipoze fèt pou rasanble moun ki gen kè onèt yo ? [Lè moun nan fin reponn, li Sefanya 3:9 avè l.] Peryodik sa a montre jan konesans vrè Bondye a ap rasanble moun tout kote. ”
Réveillez-vous! 22 sept.
“ Pifò moun mete nan tèt yo ap toujou gen manje an kantite pou moun manje. Men pou kounye a, gen kè sote sou kesyon sa a, paske sanble lasyans soti pou l mete rezèv manje nou yo an danje. Peryodik sa a esplike kèk rezon ki fè gen kè sote n ap pale a, anmenmtan, li montre ki espwa Bib la bay pou rezoud pwoblèm nan. ”
La Tour de Garde 1ye okt.
“ Petèt w ap dakò avèk mwen, jodi a, moun prèske pa vle tande pale de lafwa nan Bondye. Men, sa k fè sa ? [Lè moun nan fin reponn, li Ebre 11:1 avè l.] Peryodik sa a pale de vrè lafwa a e li montre ki diferans ki genyen ant lè nou genyen l ak lè nou pa genyen l. ”
Réveillez-vous! 8 okt.
“ Ann Ayiti, talè konsa yo pral fete fèt mò. Èske w te konnen gen peyi yo rele fèt sa a Alowin, timoun yo renmen patisipe ladan l ? Èske w te janm gen posiblite konnen ki kote fèt sa a soti ? [Kite moun nan reponn.] W a sezi wè ki jan sijè sa a trete kesyon an. ”