BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/01 p. 1
  • Apiye sou Jewova pou w jwenn fòs

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Apiye sou Jewova pou w jwenn fòs
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • “L ap fè nou vin djanm”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Jewova ap ba w fòs
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • “ Li bay moun ki fatige fòs ”
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Se Jewova ki bay pisans
    Ministè Wayòm nan — 2001
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 11/01 p. 1

Apiye sou Jewova pou w jwenn fòs

1 Nou gen anpil rezon ki fè nou bezwen apiye sou Jewova. Deja se yon gwo defi pou nou preche bon nouvèl la “ sou tout latè ki abite ”. (Mat. 24:14.) Toutan n ap goumen ak enpèfeksyon nou genyen (Wom. 7:21-23). Anplis, “ nou gen pou nou lite, [...] kont chèf mondyal k ap dirije fènwa sa yo ”. (Efe. 6:11, 12.) Sa klè nou bezwen èd. Ki jan nou ka jwenn fòs nan men Jewova ?

2 Grasa lapriyè : Jewova bay sèvitè l yo lespri sen pisan li an san grate tèt, depi yo mande l li (Lik 11:13). Èske w manke konfyans nan kapasite w genyen pou w preche kay an kay, nan lari oswa nan telefòn ? Èske w timid, e sa fè w ezite bay temwayaj enfòmèl ? Èske se frèt moun yo frèt nan tèritwa a ki fè w pèdi chalè w ? E si se ta presyon y ap fè sou ou, pou w fè konpwomi ak lafwa w, oswa pou w sispann kenbe fidelite w ? Apiye sou Jewova. Lapriyè pou w ka jwenn fòs. — Fil. 4:13.

3 Grasa etid pèsonèl : Menm jan manje fizik ban nou fòs, se konsa nou jwenn fòs lè nou toujou manje manje espirityèl nou jwenn nan Pawòl Bondye a, ak nan piblikasyon “ esklav fidèl e eklere a ”. (Mat. 4:4 ; 24:45.) Yo te mande Stanley Jones ki jan l te fè jwenn fòs pou l te rive pase plizyè ane izolman nan peyi Lachin kote yo te izole li, san l pa t gen Bib. Ou konn sa l di ? Li di : “ Nou ka kenbe fèm nan lafwa. Natirèlman, fòk nou etidye anvan sa. Si nou pa etidye, nou pap gen fòs nan nou. ”

4 Grasa reyinyon yo : Nan yon reyinyon kretyen yo te fè o premye syèk, Jida ak Silas “ te ankouraje frè yo ak anpil diskou, e yo te fòtifye yo ”. (Tra. 15:32.) Menm jan an jounen jodi a, sa nou tande nan reyinyon yo, ogmante rekonesans nou pou Jewova, sa bati lafwa nou, epi sa ban nou jarèt nan ministè nou. Reyinyon yo mete nou an kontak avèk “ konpayon travay pou wayòm Bondye a ”. Moun sa yo se “ èd k ap fòtifye ” nou. — Kol. 4:11.

5 Nou bezwen èd nan “ tan makawon ” sa yo (2 Tim. 3:1). Men asirans nou genyen konsènan moun ki pran fòs nan men Jewova : “ Y ap vole monte avèk zèl tankou èg. Y ap kouri e yo pap fatige, y ap mache e yo pap faya. ” — Iza. 40:31.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje