Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 des.
“ Chak ane nan epòk sa a, pifò moun ap pale de Jezi Kris, kit yo kwè nan li, kit yo pa kwè. Gen moun ki di Jezi pa t egziste vre. E ou menm, sa w panse ? [Apre moun nan fin reponn, li Matye 16:15, 16.] Mwen sèten w ap kontan li atik sa a sou ‘ Vrè Jezi a ’. W ap wè ki enfliyans Jezi genyen sou ou depi kounye a e ki enfliyans li pral genyen sou ou alavni. ”
Réveillez-vous! 22 des.
“ Èske w pa dakò, pou nou viv an sekirite, nou bezwen jwenn manje regilye, manje ki pap fè nou malad ? [Kite moun nan reponn.] Gade sa Bondye te pwomèt pèp li ki t ap viv nan epòk yo t ap ekri Bib la. [Li Levitik 26:4, 5.] Réveillez-vous ! pale de enkyetid moun genyen jodi a sou kesyon manje. Li ban nou solisyon ki itil nou e li fè nou wè lè a pral rive kote Bondye pral ban nou sekirite sou tout tè a. ”
La Tour de Garde 1ye jan.
“ Èske w konn mande tèt ou poukisa gen moun k ap viv alèz, alòske gen lòt se redi y ap redi pou yo viv ? Bib la ka ede nou reponn kesyon sa a. [Li Jòb 34:19.] Peryodik sa a eksplike ki jan Bondye pral fè pou l fini avèk kesyon yon pòsyon genyen yon pòsyon pa genyen an. ”
Réveillez-vous! 8 jan.
“ Nou tout, nou tande pale de yon katastwòf ki boulvèse lemonnantye. Depi lè sa a, moun tout kote bezwen èd ak rekonfò. Réveillez-vous ! sa a eksplike ki sa Temwen Jewova yo fè pou yo ede moun ki chape nan katastwòf la, moun k ap travay pou sekouri lòt moun, ak moun ki andèy yo. ”