Èske kongregasyon nou gen anpil tèritwa ?
1 Jezi te preche afon nan tout tèritwa Izrayèl tan lontan an, soti nan vil Jide yo, pou rive nan andeyò Galile (Mak 1:38, 39 ; Lik 23:5). Nou menm tou, nou dwe pale ak plis moun nou kapab pou nou ede yo tande bon nouvèl la (Mak 13:10). Toutfwa, sa gen dwa pa fasil. Sa k fè sa ?
2 Anpil kongregasyon ann Ayiti gen tèritwa izole. Ki sa nou ka fè pou nou ede moun k ap viv nan zòn sa yo pou yo aprann laverite sou Jewova, sou Jezi ak sou Wayòm nan ?
3 Annou fè bonjan preparasyon : Siveyan sèvis la dwe mete ansanm avèk responsab tèritwa a pou yo byen dirije efò kongregasyon an ap fè, yon fason pou yo ka jwenn yon pi bon rezilta nan predikasyon. Petèt yo ka pwograme kèk samdi espesyal lè pifò moun ka pase tout yon jounen ap preche. Lè nou pral preche tèritwa ki lwen, si posib, òganize nou pou nou pase plis tan nan predikasyon. Nou ka tou mache ak manje pou nou manje a midi. Nou ta gen dwa fè reyinyon pou predikasyon an pi bonè, pou nou ka jwenn tan pou nou rive nan tèritwa a. Oswa, nou ka deside pati pi bonè, epi nou fè reyinyon pou predikasyon an nan zòn nou pral preche a. Òganize tèritwa yo pou chak gwoup ka jwenn kote pou yo preche. Pa mete twòp moun ansanm nan yon sèl gwoup, yon fason pou tout moun ka jwenn ase kay pou yo preche.
4 Toujou veye pou nou gen kont piblikasyon pou nou ofri moun yo. Si n ap preche nan yon tèritwa ki fèt yon lè konsa, nou gen dwa kite yon feyè oswa yon ansyen peryodik nan kay ki pa gen moun yo. Si nou gen feyè Èske w ta renmen konn Bib la pi byen ?, ofri l bay tout moun nou rankontre, epi kite youn lakay moun ki absan yo.
5 Ann bay tout kolaborasyon nou : Si yon kongregasyon gen anpil tèritwa, tout moun nan kongregasyon an dwe met men pou yo travay tèritwa a. Si nou dwe fè yon bèl distans nan machin prive pou nou rive nan yon tèritwa, pwoklamatè yo ka met ansanm pou yo achte gaz mete nan machin nan. Si nou rankontre yon moun ki ta renmen nou pase anpil tan ap pale avè l, fòk nou montre nou gen bon konprann. Pa bliye li enpòtan pou nou chèche atenn tout moun nan tèritwa a. Yon lòt bò, si nou jwenn yon moun ki enterese, e nou ta renmen pase plis tan avè l, li ta bon pou nou di lòt moun nan gwoup la sa, pou yo pa ret ap tann nou. Konsa tou, nou ka prefere pran randevou pou nou tounen vin wè moun nan.
6 Pran bonjan dispozisyon pou nou retounen vizite tout moun mesaj la enterese. Non sèlman n ap pran adrès moun nan, men tou, n ap eseye pran telefòn li pou nou ka preche l nan telefòn annapre. Si ri yo pa gen non, oswa si kay yo pa gen nimewo, byen fè plan zòn nan sou papye, oubyen ekri tout detay k ap pèmèt nou jwenn moun ki enterese a lè nou retounen.
7 Ala bèl privilèj nou genyen pou nou suiv pawòl sa yo Jezi te kite pou nou: “ Nan nenpòt vil oswa bouk nou antre, chèche moun ki gen merit ladann ” ! (Mat. 10:11.) Jewova pap manke pa beni efò n ap fè etan n ap bay tout nou menm nan travay ki gen pi bèl rekonpans dèyè l la.