BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/07 p. 8
  • Lè pa gen moun nan kay la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè pa gen moun nan kay la
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Èske w gen tèritwa pèsonèl pa w ?
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Èske kongregasyon nou gen anpil tèritwa ?
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Yon kanpay espesyal soti 16 oktòb pou rive 12 novanm !
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Èske sa t ap itil ou si w ta gen yon tèritwa pèsonèl?
    Ministè Wayòm nan — 2013
Ministè Wayòm nan — 2007
km 4/07 p. 8

Lè pa gen moun nan kay la

1. Ki pwoblèm nou konn jwenn lè n al preche kay an kay ?

1 Nan anpil zòn, li vin pi difisil pou nou jwenn moun yo lakay yo. Nan “ tan ki kritik ” n ap viv jodi a, anpil moun oblije travay pandan plis tan pou yo rive jwenn sa yo bezwen pou yo viv (2 Tim. 3:1). Gen lòt moun ki gendwa pa lakay yo paske yo soti al achte sa yo bezwen oswa y al detann yo. Ki jan nou ka rive atenn moun sa yo ak bon nouvèl la ?

2. Ki jan nou ka asire nou nou pa neglije kay kote moun yo pa la yo ?

2 Pran bonjan nòt : Premye bagay pou nou fè, se note kay kote moun yo pa la. Sa enpòtan anpil sitou si nou preche nan tèritwa a souvan. Èske w note non ri a, nimewo tèritwa a, non pa w ak dat la ? Ou kapab kite plas pou plis nòt pou lè ou menm oswa yon lòt pwoklamatè retounen al preche kay kote moun yo pa t la. Lè w fin preche, sonje remèt moun ki gen kat tèritwa a nan men l lan nòt ou te pran yo, amwenske li dakò pou w kontinye preche kay kote moun yo pa t la yo. Sèvi ak yon lòt fich pou w ekri non moun ki enterese ou planifye al vizite.

3. Ki sijesyon yo bay pou nou ka jwenn moun ki pa lakay yo ?

3 Eseye yon lòt lè : Li posib pou yon moun ki pa lakay li lajounen nan jou ki gen travay, lakay li nan aswè oswa lewikenn. Èske w ta ka aranje w pou w retounen yon lè l ap posib pou w jwenn moun sa a lakay li (1 Kor. 10:24) ? Si w pa kapab fè sa, petèt w ap kapab bay yon lòt pwoklamatè nòt ou te pran pou kay kote moun yo pa la yo, yon fason pou l ka retounen nan kay sa yo yon lòt lè. Si w pa jwenn lòt pwoklamatè ki ka fè sa, ou kapab ekri moun sa yo ki pa t lakay yo a oswa ou kapab eseye rele yo nan telefòn. Pwoklamatè ki limite nan patisipasyon yo nan ministè a, akoz pwoblèm sante, kapab byen kontan ede w nan sans sa a.

4. Ki egzanp ki montre rezon ki fè li enpòtan pou nou retounen al preche kay kote moun yo pa la ?

4 Men yon egzanp ki montre rezon ki fè li enpòtan pou nou eseye kontakte moun ki pa lakay yo. Apre pwoklamatè yo te pase twazan ap retounen nan yon kay pou yo eseye kontakte moun ki nan kay la, yo te resi jwenn moun ki abite nan kay la. Depi tout tan sa a, dam ki abite nan kay la t ap tann pou yon Temwen pase lakay li pou l te ka rekòmanse etidye paske anvan li te vin abite nan zòn nan li t ap etidye Labib deja.

5. Ki lè nou kapab di nou preche yon tèritwa nèt ?

5 Preche tèritwa a nèt : Ki lè nou kapab di nou preche yon tèritwa nèt ? Jeneralman, nou kapab di sa lè nou fè tout efò nou pou nou jwenn omwen yon moun nan chak kay. Nan kay kote moun yo pa la, nou kapab kite yon feyè oswa yon ansyen peryodik kote moun k ap pase pap wè l, sitou nan tèritwa nou pa preche souvan. Nou ta dwe fini tèritwa a nan kat mwa. Apre sa, nou ta dwe remèt tèritwa a yon fason pou frè ki responsab tèritwa a kapab fè ajisteman nan rapò li.

6. Poukisa nou ta dwe fè tout sa nou kapab pou nou atenn tout moun ak bon nouvèl la nan tèritwa a ?

6 Nou ta renmen pou plis moun posib aprann envoke non Jewova pou yo kapab sove, san wete moun ki pa lakay yo lè n al preche kay an kay (Wom. 10:13, 14). Menm jan ak apot Pòl, annou kiltive dezi pou nou “ bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl bonte Bondye moun pa merite a ”. — Tra. 20:24.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje