Yon kanpay espesyal soti 16 oktòb pou rive 12 novanm !
1 “ Lafen fo relijyon an toupre ! ”. Se tit Nouvèl Wayòm no 37 la nou pral kòmanse distribye nan lemonnantye apati mwa pwochen an. Nan premye mwatye mwa oktòb la, n ap ofri peryodik Toudegad ak Réveillez-vous ! Epi, soti lendi 16 oktòb pou rive dimanch 12 novanm, n ap patisipe afon nan distribisyon feyè Nouvèl Wayòm no 37 la. Pandan kanpay la, nan wikenn yo, n ap ofri dènye peryodik nou resevwa yo ansanm avèk Nouvèl Wayòm nan.
2 Moun ki kapab patisipe : Tout moun k ap pwoklame bon nouvèl la aktivman ta dwe patisipe afon nan kanpay sa a. Gen moun k ap kapab pran sèvis pyonye oksilyè. Èske w gen pitit oswa moun w ap etidye Labib ak yo k ap fè pwogrè nan domèn espirityèl ? Ankouraje yo pou yo pale ak ansyen yo pou yo wè si yo ranpli kondisyon pou yo vin pwoklamatè ki poko batize. Ansyen yo dwe pran inisyativ pou yo pale ak pwoklamatè inaktif yo pou yo ankouraje yo patisipe. Ansyen yo kapab ankouraje pwoklamatè inaktif sa yo travay ansanm ak pwoklamatè ki gen eksperyans yo.
3 Y ap voye yon stòk Nouvèl Wayòm no 37 la bay tout kongregasyon pou chak pwoklamatè ak chak pyonye kapab jwenn omwen 50. Moun ki enterese yo men ki poko pwoklamatè kapab resevwa 5 egzanplè pou yo distribye bay fanmi yo ak zanmi yo. Ni pwoklamatè yo ni pyonye yo dwe konte kantite yo plase epi ekri l nan do rapò sèvis n ap remèt nan fen mwa oktòb ak fen mwa novanm. Sekretè a ap fè total la pou kongregasyon an e l ap rapòte l bay filyal la nan fen chak mwa sa yo. Apre kanpay la fini, yo kapab ofri Nouvèl Wayòm ki rete yo nan nenpòt fasèt nan ministè a.
4 Sa pou nou di : Prezantasyon nou yo dwe kout, etandone sa ap pèmèt nou distribye mesaj la plis. Nou kapab di : “ Nan kad yon kanpay k ap fèt nan enterè tout moun sou tè a, m ap patisipe nan distribisyon mesaj enpòtan sa a. Feyè sa a se pou ou. Mwen ta renmen w li l. ” Petèt l ap pi bon si nou pa mache ak valiz predikasyon nou. Asire nou nou byen note enterè nou jwenn.
5 Fason pou nou kouvri tèritwa a : Olye nou distribye Nouvèl Wayòm nan lè n ap preche nan lari, plis chèche kouvri tèritwa kote nou abitye preche kay an kay ak tèritwa kote gen anpil biznis. Note kay kote moun yo pa la, epi bat pou nou retounen yon lòt lè nan jounen an oswa yon lòt jou nan semèn nan. Depi nan lendi 6 novanm, nou kapab kite yon egzanplè Nouvèl Wayòm nan pou moun ki pa lakay yo. Sepandan, si kongregasyon an gen plis tèritwa pase sa li ka kouvri nan peryòd li gen pou l fè distribisyon an, ansyen yo kapab mande pwoklamatè yo pou yo kite feyè Nouvèl Wayòm nan nan kay kote moun yo pa la, depi nan kòmansman kanpay la.
6 Destriksyon “ Gran Babilòn nan ” ap pwoche rapidman. Moun yo bezwen soti ladan l anvan li detwi konplètman (Rev. 14:8; 18:8). Planifye depi kounye a pou nou patisipe afon nan kanpay mondyal sa a pou nou fè tout moun konnen lafen fo relijyon an toupre !