N ap distribye Nouvèl Wayòm no 38 an novanm!
1. Ki kesyon moun yo konn poze sou moun mouri yo? Ki zouti nou pral itilize an novanm pou nou reponn kesyon sa yo?
1 Lanmò se ènmi tout moun kèlkeswa kwayans yo (1 Kor. 15:26). Anpil moun ap mande ki kote mò yo ye e yo ta renmen konnen si y ap gen posiblite pou yo wè yo ankò. Se sa k fè, tout kongregasyon sou tè a pral patisipe nan yon kanpay pandan tout yon mwa, kote yo pral distribye Nouvèl Wayòm no 38 la, ki gen tit: Èske moun mouri ka leve vre? N ap kòmanse kanpay espesyal sa a an novanm. Lè kanpay la fini, n ap itilize Nouvèl Wayòm no 38 la menm jan nou konn sèvi ak feyè yo lè nou nan predikasyon.
2. Ki fason yo prezante enfòmasyon yo nan Nouvèl wayòm no 38 la?
2 Fason yo prezante enfòmasyon yo: Yo fè Nouvèl Wayòm no 38 la yon fason pou lè nou pliye l an de nan sans longè l, se bèl tit la ansanm ak fraz “Èske w t ap di... wi? non? petèt?” la ki parèt pa devan. Lè moun ki pral li Nouvèl Wayòm nan ouvri l, l ap wè ki repons Bib la bay pou kesyon yo poze nan tit la e l ap wè ki byenfè li ka jwenn nan pwomès Bib la fè yo. Anplis de sa, l ap wè poukisa li ka kwè sa Bib la di. Nan do Nouvèl Wayòm nan, yo poze yon kesyon enteresan k ap fè moun nan reflechi e yo envite l pou l aprann plis bagay toujou sou sijè a.
3. Ki jan nou pral distribye Nouvèl Wayòm no 38 la?
3 Kòman n ap distribye l: N ap fè kanpay la menm jan nou konn fè kanpay pou n distribye fich envitasyon pou Memoryal ak kongrè distri. Ansyen yo ap bay direksyon sou fason pou yo kouvri tout tèritwa kongregasyon an, ann amoni ak enstriksyon yo te jwenn nan lèt 1ye avril 2013 la. Kongregasyon ki pa gen anpil tèritwa ka ofri kongregasyon ki toupre yo e ki gen anpil tèritwa èd yo. Lè nou jwenn Nouvèl Wayòm no 38 la, sonje se kantite n ap bezwen pou yon semèn sèlman nou dwe pran. Si nou fin kouvri tout tèritwa kongregasyon pa nou pandan peryòd kanpay la, nou ka distribye Nouvèl Wayòm nan lè n ap bay temwayaj nan lari. Si nou fin bay tout Nouvèl Wayòm nou te genyen yo anvan mwa a fini, nou ka itilize piblikasyon n ap ofri pou mwa a. Premye samdi nan mwa novanm nan, n ap fè plis efò pou n patisipe nan kanpay espesyal la olye pou n kòmanse etid biblik ak moun yo. Lè wikenn, nou dwe ofri peryodik yo tou lè sa apwopriye. Nou dwe pran tout dispozisyon pou nou patisipe nan kanpay la otank posib.