Kanpay pou n anonse Memoryal la ap kòmanse 1ye mas
1. Ki lè n ap kòmanse kanpay pou n anonse Memoryal la, e poukisa kanpay la ap pi long ane sa a?
1 Vandredi 1ye mas n ap kòmanse kanpay nou fè chak ane pou n envite moun vin asiste Memoryal la avèk nou. N ap fè Memoryal la madi 26 mas, sa vle di kanpay la ap yon ti jan pi long ane sa a pase lòt ane yo. Sa ap bay plis moun posiblite pou yo jwenn yon envitasyon, sitou si yo rete sou tèritwa yon kongregasyon ki gen anpil tèritwa.
2. Ki dispozisyon yo pran pou nou jwenn fich envitasyon e pou nou kouvri tèritwa a?
2 Òganize nou: Ansyen yo ap ban nou direksyon sou fason pou n kouvri tèritwa a, e y ap di nou si nou dwe tou kite fich envitasyon nan kay ki pa gen moun yo. Si gen fich envitasyon ki rete apre nou fin preche kay an kay nan tout tèritwa a, nou ka itilize yo lè n ap bay temwayaj nan lari oubyen nan enfòmèl. Siveyan sèvis la ap veye pou toujou gen yon kantite fich envitasyon sou kontwa piblikasyon yo oubyen sou kontwa peryodik yo pou pwoklamatè yo ka pran lè yo bezwen, men yo pap mete tout fich yo deyò yon sèl kou. Chak fwa n ap pran fich envitasyon nou dwe pran kantite n ap bezwen pou yon semèn sèlman.
3. Ki sa nou dwe sonje lè n ap ofri moun yo fich envitasyon an?
3 Ki sa nou pral di? Li pi bon pou nou pa di twòp bagay, sa ap pèmèt nou pale ak plis moun posib. Nan paj 4 la n ap jwenn yon modèl prezantasyon nou ka adapte ak tèritwa nou. Natirèlman, nou pa bezwen prese si moun nou rankontre a amikal oubyen si l gen kesyon. Lè n ap patisipe nan kanpay la nan wikenn, nou dwe ofri peryodik yo tou lè sa apwopriye. Samdi 2 mas n ap fè plis efò pou n distribye fich envitasyon yo olye pou n kòmanse etid biblik ak moun yo.
4. Poukisa nou dwe patisipe nan kanpay la avèk zèl?
4 Nou swete anpil moun ap vin asiste Memoryal la avèk nou. Nan diskou a yo pral esplike ki moun Jezi ye toutbonvre (1 Kor. 11:26). Yo pral montre nou kòman lanmò Jezi ka pwofitab pou nou (Wom. 6:23). Epi yo pral atire atansyon nou sou rezon ki fè li enpòtan pou n sonje Jezi (Jan 17:3). Nou swete pou n patisipe nan kanpay la avèk zèl.