N ap kòmanse distribye fich envitasyon pou Memoryal la 2 avril
1. Ki lè nou pral distribye fich envitasyon pou Memoryal la ane sa a, e ki enpòtans kanpay sa a genyen nan ane a?
1 Apati 2 avril rive 17 avril, nou pral distribye fich envitasyon pou evènman ki pi enpòtan nan ane a: Memoryal lanmò Kris. Nan ane ki pase yo, gen anpil moun enterese ki te aksepte envitasyon nou te fè yo pandan kanpay nou t ap fè nan ane a. Pa egzanp, nan jou Memoryal la, gen yon dam ki te rele biwo filyal la e li di: “Mwen fèk rive lakay mwen, e mwen jwenn yon fich envitasyon anba pòt mwen. Mwen ta renmen ale, men m pa sèten a ki lè y ap fè l.” Frè ki reponn li an esplike l ki bò l ka jwenn enfòmasyon sa a nan fich envitasyon an. Nan fen konvèsasyon an, men sa dam nan te pwomèt: “M ap avèk nou aswè a.”
2. Ki sa nou ka di lè n ap prezante fich envitasyon an?
2 Ki jan nou pral fè kanpay la: Piske tan nou genyen pou n kouvri tèritwa a limite, l ap pi bon pou prezantasyon n ap fè a kout. Nou ka di: “Bonjou. Nou vin envite w nan komemorasyon lanmò Jezi. Se yon evènman enpòtan nou komemore chak ane nan lemonnantye. Ane sa a dat Memoryal la se dimanch 17 avril. Nou pote fich envitasyon sa a pou ou menm ak fanmi w. [Lonje fich envitasyon an bay moun nan.] Yo pral bay yon diskou k ap esplike sa nou ka fè pou nou jwenn benediksyon grasa ranson Kris la.” Di moun nan ki kote y ap fè Memoryal la e a ki lè. Epi montre l ki kote enfòmasyon sa a ye sou fich la.
3. Ki sa nou ka fè pou nou envite plis moun posib nan Memoryal la?
3 Si kongregasyon an gen anpil tèritwa, ansyen yo ka bay enstriksyon pou frè yo kite yon fich envitasyon nan kay kote yo pa jwenn moun. Depi yo ka mete fich la yon kote ki pap atire atansyon moun k ap pase. Se pou nou asire nou nou envite moun n al vizite yo, fanmi nou, kòlèg travay nou, kamarad lekòl nou ak tout lòt moun nou konnen. Lè n ap distribye fich envitasyon yo pandan wikenn, lè sa apwopriye, nou ka ofri peryodik pou mwa a tou. Èske w ka pran sèvis pyonye oksilyè nan mwa avril la pou w ka patisipe pi plis toujou nan bèl kanpay sa a?
4. Poukisa nou ta renmen pou moun ki enterese yo vin asiste Memoryal la?
4 Ala yon kokenn temwayaj moun ki enterese ki vin asiste Memoryal la ap jwenn! Yo pral aprann kokenn lanmou Jewova gen pou lèzòm lè l te bay ranson an (Jan 3:16). Yo pral aprann jan Wayòm Bondye a pral pote benediksyon pou limanite (Iza. 65:21-23). Anplis de sa, y ap ankouraje yo pou yo pale ak moun ki nan sèvis akèy yo pou yo mande yon etid biblik pou yo ka aprann plis bagay toujou. N ap priye pou tout moun ki gen kè sensè yo aksepte envitasyon nou pral fè yo a e pou yo vin asiste Memoryal la ansanm avèk nou.