Kanpay envitasyon pou Memoryal la ap kòmanse 22 mas
Ane sa a, kanpay pou n envite lòt moun vin asiste Memoryal la ap kòmanse samdi 22 mas. Nou ankouraje tout moun pou yo bay tout yo menm nan kanpay sa a. Pandan wikenn yo, nou dwe ofri moun yo peryodik yo tou, lè sa apwopriye. Nan premye samdi mwa avril la, n ap konsantre nou sitou sou bay fich envitasyon olye nou kòmanse etid ak moun yo. Sepandan, si nou jwenn yon moun ki montre li enterese anpil, nou kapab toujou kòmanse yon etid Labib avè l. Siveyan sèvis la ka chèche konnen si wi ou non kongregasyon an bezwen bay fich envitasyon nan temwayaj piblik yon fason pou yo rive jwenn plis moun nan tèritwa a. Nou ka fè yon lis non moun nou konnen nou vle envite vin nan Memoryal la, epi nou dwe ba yo yon fich envitasyon lè kanpay la kòmanse. Lis sa a ka gen ladan l non moun nan fanmi nou, moun nan travay nou, kamarad lekòl nou, moun nou konn vizite yo ak lòt moun ankò. Nou swete anpil moun ap la ansanm avèk nou nan evènman sa a yon fason pou n montre nou sonje de pi gwo aksyon ki demontre lanmou Jewova ak Jezi te fè pou limanite. — Jan 3:16; 15:13.