Kèk modèl prezantasyon
Pou kanpay envitasyon pou Memoryal la
“Nou vin envite ou menm ak fanmi w nan Komemorasyon lanmò Jezi. Se yon evènman enpòtan nou komemore chak ane nan lemonnantye. Ane sa a dat Memoryal la se madi 26 mas. Yo pral bay yon diskou ki baze sou Bib la. Nan diskou sa a yo pral esplike kòman lanmò Jezi ka pwofitab pou nou. Moun pap peye pou yo antre. Nou pote fich envitasyon sa a pou ou ak fanmi w.” Di moun nan ki kote y ap fè Memoryal la e a ki lè. Epi montre l ki kote enfòmasyon sa a ye sou fich la.
Toudegad 1ye mas
“Gen kèk moun ki konn poze kesyon sa a: ‘Ki jan nou fè konnen si Jezi te resisite vre?’ Èske w konn poze tèt ou kesyon konsa? [Kite moun nan reponn.] Gade poukisa li enpòtan pou n jwenn repons pou kesyon sa a. [Li 1 Korentyen 15:14.] Peryodik sa a esplike sa rezirèksyon Jezi ka vle di ni pou mwen ni pou ou.”
Réveillez-vous! Mas
“Èske w pa dakò nan epòk n ap viv la li pa fasil pou moun leve timoun? [Kite moun nan reponn.] Gen anpil paran ki jwenn bon konsèy nan Bib la. Pa egzanp, vèsè nou pral li a ankouraje papa yo pou yo chèche okazyon pou yo felisite pitit yo e pou yo ede yo gen konfyans nan tèt yo. [Li Kolosyen 3:21.] Atik sa a atire atansyon sou senk prensip ki ka ede papa yo.”