BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/14 p. 4
  • Kèk modèl prezantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk modèl prezantasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Modèl prezantasyon
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2014
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 3/14 p. 4

Kèk modèl prezantasyon

Pou kanpay envitasyon Memoryal la

“N ap bay tout moun yon fich envitasyon pou yo vin asiste yon evènman ki enpòtan anpil. Nan dat 14 avril la, plizyè milyon moun toupatou sou tè a pral rasanble ansanm pou yo komemore lanmò Jezi Kris. Yo pral tande yon diskou gratis ki baze sou Bib la ki pral montre kòman lanmò Jezi Kris fè nou jwenn byenfè. Nan fich envitasyon sa a w ap jwenn adrès kote y ap fè Memoryal la ak lè y ap fè l.”

Toudegad 1ye avril

“N ap rann tout moun yon ti vizit pou n fè yon ti pale sou yon bagay pifò moun konn fè. Prèske tout moun konn priye, kèlkeswa relijyon l. Èske w panse Bondye konn reponn priyè oswa èske w panse lapriyè annik fè yon moun santi l rale yon souf anba pwoblèm li yo? [Kite moun nan reponn.] Ann wè sa Bib la di sou lapriyè. [Li 1 Jan 5:14.] Peryodik sa a montre jan lapriyè ka ede nou.”

Réveillez-vous! Avril

“Nou pase wè w pou nou pale sou yon pwoblèm k ap rive anpil moun. Gen kèk moun ki tèlman chaje ak pwoblèm, yo vle touye tèt yo. Lè yon moun rive nan pwen sa a, èske w panse li vle mouri vre oswa èske w panse se soulajman l ap chèche? [Kite moun nan reponn.] Ann wè yon pwomès Bib la fè ki ede anpil moun pi byen wè bagay yo. [Li Revelasyon 21:3, 4.] Peryodik sa a pale konsènan twa bon rezon ki fè yon moun dwe vle kontinye viv malgre pwoblèm li genyen yo.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje