BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/15 p. 4
  • Kèk modèl prezantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk modèl prezantasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Modèl prezantasyon
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2014
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2015
km 2/15 p. 4

Kèk modèl prezantasyon

Pou kanpay envitasyon Memoryal la

“N ap bay tout moun yon fich envitasyon pou yo vin asiste yon evènman ki enpòtan anpil. Nan dat 3 avril la, plizyè milyon moun toupatou sou tè a pral reyini ansanm pou yo komemore lanmò Jezi Kris. Yo pral tande yon diskou gratis ki baze sou Bib la ki pral montre kòman lanmò Jezi Kris fè nou jwenn byenfè. Nan fich envitasyon sa a w ap jwenn adrès kote y ap fè Memoryal la ak lè y ap fè l.”

Toudegad 1ye mas

“Jou k ap 3 avril la, se pral dat anivèsè lanmò Jezi Kris. Gen kèk moun nan zòn nan k ap reyini nan dat sa a pou yo komemore evènman sa a, men, gen lòt moun ki panse lanmò Jezi pa gen enpòtans. E ou menm, ki sa w panse? Èske w panse lanmò Jezi ak rezirèksyon l pwofitab pou nou? [Kite moun nan reponn.] Gade sa Pawòl Bondye a di sou kesyon sa a. [Li 1 Korentyen 15:22, 26.] Peryodik sa a pale sou yon byenfè sakrifis Jezi te bay kòm ranson an pral pote pou lèzòm alavni, sa vle di, yon jou, pap gen okenn moun k ap mouri sou tè a ankò.”

Réveillez-vous! Mas

“Nou pase vizite vwazen nou yo pou n montre yo dènye nimewo Réveillez-vous! a. [Montre moun nan paj kouvèti a.] Chak moun gen pwòp pwennvi yo sou premye kesyon an ki di: ‘Èske gen yon Bondye?’ Selon ou menm, ki moun ki gen yon pi bon pwennvi sou lavni? Èske se moun ki kwè nan Bondye yo oubyen èske se moun ki pa kwè nan li yo? [Kite moun nan reponn.] Men yon pwomès Bondye fè ki bay anpil moun espwa. [Li Sòm 37:10, 11.] Peryodik sa a bay kat rezon ki fè nou dwe chèche konnen si Bondye egziste vre oubyen si l pa egziste.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje