Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa mas la
“Nou pase pou nou envite w nan yon evènman k ap fèt 14 avril. Evènman sa a gen rapò ak lanmò Jezi. Gen kèk moun ki pral montre yo sonje lanmò Jezi paske yo panse lanmò sa a enpòtan. Men, gen lòt moun ki pa fin konn enpòtans lanmò Jezi genyen. E ou menm, èske w panse lanmò Jezi enpòtan pou ni ou menm, ni mwen menm?” Kite moun nan reponn. Montre moun nan do Toudegad 1ye mas la, egzamine repons yo bay pou premye kesyon an avè l epi pale omwen sou youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
Toudegad 1ye mas
“Anpil moun ap mande tèt yo poukisa Bondye pa retire enjistis ak soufrans nan monn nan. Èske w panse se paske Bondye pa enterese nan nou oubyen èske w panse se paske Bondye panse lèzòm merite soufri? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Jan 3:16.] Malgre anpil moun konn di pawòl ki nan vèsè sa a pou montre jan Bondye renmen nou, yo pa fin byen konprann enpòtans lanmò Pitit Bondye a gen pou yo. Peryodik sa a montre ki jan lanmò Jezi fè l vin posib pou soufrans ak enjistis pa egziste sou tè a ankò.”
Réveillez-vous! Mas
“N ap fè yon ti pale ak vwazen nou yo sou yon vèsè nan Bib la anpil moun konn mal konprann. [Li Jenèz 1:1.] Gen kèk moun ki kwè se Bondye ki kreye linivè jan vèsè a montre sa, men, gen lòt moun ki pa kwè sa. E ou menm, sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Gen anpil moun ki pa fin kwè se Bondye ki kreye linivè paske chèf relijye yo pa anseye sa Bib la anseye vre. Peryodik sa a bay kèk prèv moun ka fè konfyans ki montre jan linivè te vin egziste.”