Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa mas la
“Gen anpil moun ki fete nesans Jezi, men èske w panse li enpòtan pou nou sonje lanmò l?” Kite moun nan reponn. Apre sa, bay moun nan Toudegad 1ye mas la (fransè). Fè yon ti pale avèk li sou sa nou jwenn nan premye soutit ki nan paj 16 la, e pale sou omwen youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
La Tour de Garde 1ye mas
“Gen anpil legliz ak lòt gwoup relijye ki gen kwayans ak pratik ki diferan. Dapre ou menm, èske tout moun ki di yo se kretyen, se kretyen yo ye toutbonvre? [Kite moun nan reponn.] Selon sa Jezi di, men youn nan mak ki idantifye vre kretyen yo. [Li Jan 13:34, 35.] Peryodik sa a egzamine senk nan pawòl Jezi te di yo ki ede nou idantifye vrè disip li yo.”
Réveillez-vous! Mas
“N ap pale ak vwazen vwazin nou yo sou yon tandans moun genyen ki enkyete nou tout. Nou remake jodi a moun vin pi an kòlè e yo fè kòlè pi fasil. Ki sa w panse ki fè sa? [Kite moun nan reponn.] Gade sa Bib la di moun ki konn fè kòlè yo. [Li Sòm 37:8.] Peryodik sa a egzamine kèk nan rezon ki fè moun yo pi an kòlè jodi a e li esplike fason nou ka metrize kòlè nou.”