Repons kesyon w yo
◼ Ki sa nou ta dwe toujou sonje lè n ap sèvi ak telefòn selilè oswa pedjè ?
Aparèy sa yo kapab pèmèt nou kontakte lòt moun prèske nenpòt ki kote nou ye. Se vre, telefòn selilè ak pedjè gen itilite yo. Men, nou dwe fètatansyon pou nou pa kite bagay sa yo pran nan tan nou konsakre pou predikasyon. Fètatansyon tou pou nou pa kite yo deranje nou lè n ap asiste reyinyon. Kòman sa kapab rive ?
Egzamine ki enpresyon sa ap bay si telefòn nou oswa pedjè nou tonbe sonnen pandan n ap pale ak yon moun nan predikasyon. Ki sa moun nan ap met nan tèt li ? Ki enpresyon n ap kite si nou sispann pale pou nou reponn apèl la ? Pa gen dout, nou pa ta renmen fè okenn bagay k ap anpeche lòt moun tande mesaj Wayòm nan (2 Kor. 6:3). Donk, si pandan n ap preche nou gen yon telefòn selilè oubyen yon pedjè sou nou, nou ta dwe anpeche l sonnen pou l pa deranje ni nou menm ni lòt moun.
Ki sa ki kapab rive lè se lòt moun k ap preche alòske nou menm n ap tann ? Si gen yon kantite lè nou te konsakre pou predikasyon, èske lespri nou pa ta dwe nan aktivite predikasyon an ? Silvouplè, si pa gen ijans, annou okipe nou de afè pèsonèl nou nan yon lòt moman. Konsa, n ap montre nou gen respè pou sèvis sakre a (Wom. 12:7). Natirèlman, sa pa vle di nou pa gen dwa sèvi ak yon telefòn pou nou kontinye preche yon moun oswa pou nou pran yon randevou avèk li.
Se pou nou pran prekosyon lè n ap sèvi ak selilè sitou pandan n ap kondi machin. Gen kèk etid yo fè sou sa ki montre moun gen plis chans fè aksidan lè sa a. Si gen lwa yo bay sou fason pou nou sèvi ak selilè pandan n ap kondi, kèlkeswa lwa a, se pou nou respekte l.
Si nou vin nan reyinyon, nou vin nan kongrè, se pou nou ka adore Jewova epi pou Jewova anseye nou. Èske enpòtans nou bay sèvis sakre a nan moman sa yo pa ta dwe motive nou pou nou anpeche telefòn nou oswa pedjè nou sonnen ? Nou bezwen sonje sa ka deranje ni nou menm ni lòt moun. Si nou gen yon ijans, nou ta dwe deplase al okipe sa. Sa vle di, nou ta dwe fè aranjman pou nou pa okipe nou de afè pa nou nan yon moman nou konsakre pou sèvis Jewova. — 1 Kor. 10:24.
Annou toujou montre nou gen konsiderasyon pou lòt moun. Annou montre tou nou apresye anpil anpil bagay ki espirityèl. Nou kapab montre sa nan fason n ap sèvi ak telefòn selilè, oswa ak tout lòt aparèy elektwonik nou genyen.